Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Fè yon Lòt Tès Misil nan Moman Kore di Sid Sispann Sistèm Anti-Misil li a


Yon ekran ki montre lansman misil Kore di Nò a nan sant Wonsan, Kore di Nò, jedi 8 jen, 2017.
Yon ekran ki montre lansman misil Kore di Nò a nan sant Wonsan, Kore di Nò, jedi 8 jen, 2017.

Prezidan Kore di Sid la, Moon ZJae-in, deklare Kore di Nò "ta dwe imedyatman sispann pwovokasyon li ak zam nikleyè e ak misil," apre li fin teste lansman sa ki sanble misil pou atake bato anvan sa nan jounen 8 jen 2017 la.

Chef deta majò lame Kore di Sid la fè konnen Kore di Nò lanse misil yo bonè maten an etan nan bouk Wonsan sou kot ès peyi a, e ke yo te vole nan distans anviwon 200 kilomèt anvan yo tonbe nan lanmè Japon an.

Se 4èm tès misil Kore di Nò pandan yon mwa, e li fèt apre Konsèy Sekirite Nasyon Zini an te enpoze nouvo sanksyon sou gouvènman Prezidan Kim Jong Un nan semèn pase a.

XS
SM
MD
LG