Accessibility links

Breaking News

Somè G-7 la kòmanse ann Itali. Prezidan Trump ka Rekonsidere Pozisyon Li sou Chanjman Klimatik yo


Lidè G7 la (de goch a dwat): Premye Minsi Kanada a Justin Trudeau, Chanselye Almay la Angela Merkel, Prezidan ameriken an Donald Trump, Premye Minis Itali a Paolo Gentiloni, Prezidan Lafrans la Emmanuel Macron, Premye Minis Japon an Shinzo Abe, ak Premye Minis britanik la Theresa May. (Foto/Andrew Medichini-AP).
Lidè G7 la (de goch a dwat): Premye Minsi Kanada a Justin Trudeau, Chanselye Almay la Angela Merkel, Prezidan ameriken an Donald Trump, Premye Minis Itali a Paolo Gentiloni, Prezidan Lafrans la Emmanuel Macron, Premye Minis Japon an Shinzo Abe, ak Premye Minis britanik la Theresa May. (Foto/Andrew Medichini-AP).

Chanjman klimatik yo te nan mitan sijè ki pwovoke pi gwo mezantant ant lidè Gwoup G-7 la aprè yo fin ouvè somè yo a sou sile Sisil, nan peyi Itali, vandredi 26 me 2017 la. Sepandan otorite gouvènman ameriken an ak ofisyèl gouvènman britanik la pale piblikman pou demanti nouvèl ki vle fè konprann ta genyen gwo divizyon nan mitan delege yo. Chèf gouvènman britanik la, Theresa May -ki tap pale ak laprès- fè konnen :

“Lidè yo te fè yon diskisyon ki trè-trè bon sou pwoblèm klimatik yo. Otorite ki te bò tab negosyasyon yo pa gen okenn dout nan tèt yo sou le fèt ke chanjman klimatik yo se yon kesyon ki enpòtan anpil.”

Bò kote pa l, prensipal konseye ekonomik Prezidan Trump la, Gary Cohn, deklare:

“Prezidan an pral baze li sou pozisyon lidè mondyal ki prezan nan somè G-7 la pou l pran yon desizyon sou kesyon an; men se pral yon desizyon kap onore angajman Washington pran pou l koupe sou kantite emisyon gas kabonik Lèzetazini pwodui nan kad aplikasyon Akò Pari a, yon akò li-menm ak anpil lòt peyi te siyen ane pase.”

Otorite yo nan Administrasyon Trump la fè konnen prezidan an -ki te di ane pase, pandan kanpay elektoral la, li konsidere afè rechofman planèt la kòm yon istwa pou fè timoun dòmi- ebyen, kounye a Prezidan Trump di lap tann somè Sisil la fini pou l pran yon desizyon final sou kesyon an.

Somè G-7 la, kap pran fen samdi 27 me 2017 la, gen plizyè nouvo vini ladan n, tankou Theresa May (La Grand Bretay), Donald Trump (Lèzetazini) ak Emmanuel Macron (Lafrans). Objektif la ane sa a se, antwòt, kreye yon dinamik tou nèf aprè yon ane kote anpil nan peyi yo te konfwonte gwo pwoblèm politik mete sou yon monte santiman nasyonalis nan kèk pami yo.

XS
SM
MD
LG