Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini : Depatman Sekirite Teritoryal Pwolonje TPS la pou Ayisyen pou yon Peryòd 6 Mwa


Mnis Sekirite Teritoryal ameriken an, John Kelly (Foto Achiv).
Mnis Sekirite Teritoryal ameriken an, John Kelly (Foto Achiv).

Men yon nòt pou laprès ki sòti nan Depatman Sekirite Teritoryal Lèzetazini an (Department Homeland Security) avèk tit:

<<Deklarasyon Minis Kelly sou yon Pwolongasyon Limite Deziyasyon Ayiti pou “Stati Pwoteksyon Tanporè” >>

WASHINGTON – Minis Sekirite Teroritial la, John F. Kelly, anonse jodi a desizyon li pran pou l pwolonje pou yon lòt peyòd 6 mwa deziyasyon Ayiti pou Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS). Pwolongasyon sa a ap antre an aplikasyon nan dat 23 jiyè 2017 la e lap valab pou jous 23 janvye 2018.

Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, John Kelly (Foto Achiv).
Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, John Kelly (Foto Achiv).

Minis Kelly di: “Apre nou te pase an revi sitiyasyon aktyèl la ann Ayiti avèk anpil atansyon mete sou konvèsasyon nou te genyen avèk gouvènman ayisyen an, mwen deside pwolonje deziyasyon Stati Pwoteksyon Tanporè a pou yon peryòd limite 6 mwa. Ayisyen fè pwogrè nan anpil domèn depi tranblemanntè devastatè 2010 la, e mwen fyè de wòl Lèzetazini te jwe pandan tan sa a pou l te ede zanmi ayisyen nou yo. Ekonomi ayisyèn nan kontinye relans li ak kwasans li, e 96 pou san moun soukous la te deplase e ki tap viv nan kan pou moun deplase anndan peyi a, deja kite kan sa yo. Sa ki pi ankourajan toujou a, sè ke plis pase 98 pou san nan kan sa yo fèmen kounyela a. Yon lot prèv ki montre siksè Ayiti nan efò lap fè pou l leve anba tranblemanntè ki te frape li sa gen 7 tan, se plan gouvènman ayisyen an anonse pou l rebati rezidans Prezidan ayisyen an nan Palè Nasyonal la nan Pòtoprens, avèk retrè Misyon Nasyon Zini pou Stablizasyon Ayiti a.”

Minis Kelly te jwenn ankourajman espesyalman nan pwomès li jwenn dirèkteman nan men gouvènman ayisyen an ki eksprie dezi li pou l resevwa nan lavni moun ki benefisye TPS yo apre retou yo nan peyi a an tout sekirite.

Marleine Bastien (nan mitan), direktris Fanm Ayisyèn nan Miami, yon òganzasyon ki te redi anpil nan kanpay pou mande yon pwolongasyon pou TPS la.
Marleine Bastien (nan mitan), direktris Fanm Ayisyèn nan Miami, yon òganzasyon ki te redi anpil nan kanpay pou mande yon pwolongasyon pou TPS la.

“Pwolongasyon 6 mwa sa a ta dwe pèmèt Ayisyen ki gen TPS kap viv Ozetazini yo gen tan jwenn dokiman vwayaj yo epi fè lòt preparasyon ki nesesè pou depa final yo; pandan peryòd sa a tou gouvènman ayisyen an ta dwe gen tan fè aranjman ki nesesè pou l prepare l pou rapatriman tout moun ki gen TPS kounyela a. Nou gen plan pou nou kontinye travay sere-sere avèk gouvènman ayisyen an – pa egzanp nou pral bay gouvènman an asistans ki nesesè pou l prepare davans dokiman vwayaj sitwayen li yo ap bezwen.”

Anvan peryòd pwolongasyon limite 6 mwa a rive nan bout li, Minis Kelly pral re-evalye deziyasyon Ayiti a epi li va deside si yon lòt pwolongasyon, re-deziyasyon oubyen yon eliminasyon TPS la gen plas li. Depatman Sekirite Teritoryal la konseye Ayisyen ki posede TPS yo e ki pa genyen yon lòt stati imigran, pou yo itilize peryòd pwolongasyon sa a kap bout le 22 janvye 2018 pou yo fè preparasyon ak aranjman pou yo kite Lèzetazini –pa egzanp, se pou yo chache gen dokiman vwayaj davans- oubyen aplike pou lòt benefis imigrasyon, paske li posib ke yo kalifye pou sa.

“Si efò Ayiti ap fè pou l rekanpe sou pye l apre tanblemanntè kontinye jan lap sa ap fèt la, mwen kwè gen siyn ki montre peyi a pap gen rezon pou l jwenn plis pwolongasyn TPS aprè mwa janvye 2018. Rezon-dèt lwa ki bay TPS la ba li esansyèlman yon aplikasyon tanporè, e moun ki benefisye lwa sa a dwe prepare yo pou sizoka li rive nan bout li aprè pwolongasyon nou anonse jodi a.”

Plis detay sou pwolongasyon TPS la pou Ayiti –san bliye kondisyon aplikasyon li ak pwosede yo- pral parèt nan Rejis Federal la pi ta semèn sa a.

XS
SM
MD
LG