Accessibility links

Breaking News

Herby Widmaier, Direktè-Fondatè Radyo Metwopòl, Mouri nan Pòtoprens. Li te gen 84 An


Mizisyen ayisyen e direktè-fondatè Radyo Metwopòl, Herby Widmaier.
Mizisyen ayisyen e direktè-fondatè Radyo Metwopòl, Herby Widmaier.

Ann Ayiti fanmi radyodifizyon an pèdi yon gran nèg: Herby Widmaier, ki mouri granm maten nan jounen jodi jedi 27 avril 2017 la nan rezidans prive li nan Pòtoprens. Li te gen 84 an puiske li te pran nesans nan dat 7 jiyè 1933.

Herby Widmaer --yon mizisyen briyan, yon pasyone mizik Jazz-- se fondatè Radyo Metwopòl (jounen jodi a Radyo-Tele Metwopòl). Li te pase plizyè dizèn ane ap pote chanjman ki modènize mond radyodifizyon an ann Ayiti. Li kite yon gwo eritaj nan men pitit li yo (Richard, Joel, Moushy) e pou peyi d Ayiti.

Ansyen kolaboratè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la Jacques Jean-Baptiste, ki te byen konnen Herby Widmaier kòm yon ansyen jounalis Radyo Metwopòl, pale de defen an nan mikwo Jacquelin Bélizaire.

Entèvyou Jacquelin Bélizire avèk Jacques Jean-Baptiste sou karyè Herby Widmaier. (Dat: 27 avril 2017).
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:57 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande entèvyou Jacques ak Jacquelin an.

XS
SM
MD
LG