Accessibility links

Breaking News

140 Moun pou Pipiti Mouri nan yon Atak Taliban yo Fè sou yon Baz Militè nan Afganistan


Sòlda afgan kap fè pòs devan baryè baz militè vil Mazar-e-Sharif nan nò peyi Afganistan.
Sòlda afgan kap fè pòs devan baryè baz militè vil Mazar-e-Sharif nan nò peyi Afganistan.

Yon lese-frape ki dire anviwon 10 èd tan nan yon baz militè nan vil Mazar-e-Sharif nan nò peyi Afganistan apre rebèl Taliban yo te atake baz la, vandredi 21 avril 2017 la, lakoz 140 moun mouri ak plizyè dizèn lòt blese dapre otorite ak rebel nan Afganistan.

Otorite lokal yo nan Mazar-e-Sharif konfime kantite moun ki mouri yo ki se ajan sekirite ak militè. Atak la fèt nan vil sa a Mazar-e-Sharif , ki se kapital pwovens Balkh e ki toujou pezib. Novèl yo fè konnen fòs Afganistan yo mete fen nan syèj la apre yo fin touye asayan yo; kèk nan asayan yo te gen inifòm fòs sekirite yo sou yo.

Gwoup Taliban an revandike zak vyolans la, kote li fè konnen yon gwoup konbatan li ki te gen eksplozif tache sou yo te òganize desant dè lye a.
XS
SM
MD
LG