Accessibility links

Breaking News

Lame Irak la Anonse li Gen Kontwòl Total Ayewòpò Vil Mosoul la


Lame Irak la ki tap lanse kout wòkèt sou poziusyon Gwoup Eta Islamik la nan batay pou repran kontòl ayewopò Mosoul la. (Foto: REUTERS/Alaa Al-Marjani - 23 fevriye 2017).
Lame Irak la ki tap lanse kout wòkèt sou poziusyon Gwoup Eta Islamik la nan batay pou repran kontòl ayewopò Mosoul la. (Foto: REUTERS/Alaa Al-Marjani - 23 fevriye 2017).

Nan Irak, otorite yo –ki tap pale nan jounen jedi 23 fevriye 2017 la- di fòs militè peyi a, ki gen apui lame amerikèn, repran kontwòl ayewopò Mosoul la ki te anba men Gwoup Eta Islamik la depi ane 2014. Televizyon leta irakyen an ekri sou ekran li pou l di:

“Inite repons rapid la ak polis nasyonal pran kontwòl total ayewopò Mosoul la.”

Sòlda irakyen ki tap prepare yo pou batay pou repran kontwòl pati lwès vil Mosoul (Foto: 22 fevriye 2017).
Sòlda irakyen ki tap prepare yo pou batay pou repran kontwòl pati lwès vil Mosoul (Foto: 22 fevriye 2017).

Sòlda irakyen yo te lanse yon operasyon tou nèf nan entansyon pou yo repran pati lwès dezyèm pi gwo vil peyi a apre yo te libere pati lès la nan mwa janvye pase a.

Lyetnan-jeneral irakyen Raid Shakir Jaudat di fòs militè yo, ki te jwenn sipò avyon telegide ameriken, sèvi ak ak gwo kout kanno pou yo avanse sou ayewop -a an sòtan nan plizyè direksyon diferan san yo pat rankontre okenn rezistans bò kote militan Gwoup Eta Islamik la.

XS
SM
MD
LG