Accessibility links

Breaking News

Sena a Ap Travay sou Ratifikasyon yon Nouvo Anbasadè Ameriken nan Peyi Izrayèl

Avoka David Friedman pandan li tap reponn kesyon Komite Afè Etranjè Sena Ameriken an avan pou li kapab vini anbasadè Etazini nan peyi Izrayèl. Capitol Hill, Washington, 16 fevriye, 2017. (Foto: REUTERS/Yuri Gripas )

Yon jou apre Prezidan Etazini an, Donald Trump, ak Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, te montre yon mesaj inite nan Lamezon Blanch, yon komisyon nan Sena a ap fè seyans konfimasyon pou chwa Avoka David Friedman, kòm anbasadè Etazini an Izrayèl.

Komisyon Relasyon Afè Etranjè nan Sena ameriken an gen pou l kesyone nan jounen 16 fevriye 2017 la Mesye Friedman, ki se yon gwo sipòtè konstriksyon koloni pèpleman izrayelyen yo. Li konn plede pou deplase anbasad Etazini an ann Izrayèl soti nan kapital la, Tel Aviv, pou mete l nan Jeruzalem.

XS
SM
MD
LG