Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: 2 Tribinal Federal Bloke Aplikasyon Dekrè Prezidansyèl Kont Imigran 7 Mizilman


Manifestasyon pou pwoteste kon dekrè tanporè ki entèdi imigran 7 peyi an majorite mizilman pou yo pa rantre Ozetazini. Aewopò Entènasyonal Tom Bradle, Los Angeles 4 fevriye, 2017. Youn nan manifestan yo genyen yon pankat ki ekri," Mèsi Jij James L. Robart. (Foto: AP/Reed Saxon)
Manifestasyon pou pwoteste kon dekrè tanporè ki entèdi imigran 7 peyi an majorite mizilman pou yo pa rantre Ozetazini. Aewopò Entènasyonal Tom Bradle, Los Angeles 4 fevriye, 2017. Youn nan manifestan yo genyen yon pankat ki ekri," Mèsi Jij James L. Robart. (Foto: AP/Reed Saxon)

Yon jij federal ameriken, ki te bloke tanporèman entèdiksyon Prezidan Donald Trump te pran pou sitwayen 7 peyi pa antre Ozetazini, deklare lendi 13 fevriye 2017 la, efò pou defye dekrè sa a ap vanse. An menm tan, yon lòt jij federal nan eta Virjini lanse yon nouvo lòd pou lajistis kontinye bloke miz an aplikasyon dekrè prezidansyèl la.

Nan kòmansman mwa fevriye a jij distri nan Eta Washington, James Robart, te deside imigran peyi Irak, Iran, Siri, Libi, Yemèn, Somali ak Soudan ki gen bon jan viza gen dwa antre sou teritwa ameriken an. Dapre Jij Robart, pwogram pou admisyon refijye yo ka kontinye pandan tribinal yo ap chache konnen si dekrè prezidansyèl la gen baz legal.

Gouvènmam an te ale nan tribinal dapèl ak desizyon Jij Robart la. 3 jij nan 9èm Kou Dapèl Federal la, nan eta Kalifòni ki tap tande dosye a, te deside kore lòd Jij Robart te pran pou sispann pwovizwaman entèdiksyon kont sitwayen 7 peyi yo ki gen majorite mizilman.

Lendi 13 fevriye a, Depatman Jisits Etazini an te mande Jij Robart pou li pa pran okenn lòt desizyon sou dosye a ann atandan 9èm Kou Dapèl la pran desizyon final li sou legalite dekrè Prezidan la. Men Jij Robart rejte demand Depatman Jistis la.

XS
SM
MD
LG