Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis : Reyaksyon sou Desizyon 3 Jij yon Kou Dapèl pran pou Apiye Blokaj Entèdiksyon Vwayaj kont Sitwayen 7 Peyi Mizilman


(De dwat a goch): Jij William Canby - Jij Richard Clifton - Jij Michelle Friedland.
(De dwat a goch): Jij William Canby - Jij Richard Clifton - Jij Michelle Friedland.

Ozetazini, aprè yon tribinal dapèl federal nan vil San Francisco, Eta Kalifòni, te refize retabli miz-an-aplikasyon yon dekrè prezidansyèl ki tap anpeche sitwayen 7 peyi kote pi fò popilasyon an se mizilman antre sou tèritwa ameriken an, Prezidan Donald Trump reyaji pou l kritike jij ki pran desizyon an. 3 jij yo di gouvènman an pa rive demontre si lajistis kenbe sispansyon dekrè an, sa pral debouche sou menas oubyen atak kont sekirite nasyonal peyi a.

Mèt Bob Ferguson (nan mikwo) se minis jistis Eta Washington ki te denonse entèdiksyon an devan lajistis. Li di "desizyon kou dapèl Kalifòni an se yon viktwa pou konstitisyon amerikèn nan . (Foto: 9 fevriye 2017, nan vil Seattle).
Mèt Bob Ferguson (nan mikwo) se minis jistis Eta Washington ki te denonse entèdiksyon an devan lajistis. Li di "desizyon kou dapèl Kalifòni an se yon viktwa pou konstitisyon amerikèn nan . (Foto: 9 fevriye 2017, nan vil Seattle).

Yon ti tan apre tribinal la te fin anonse desizyon li a, Prezidan Trump ekri sou kont Twitter li pou l lanse bay jij yo yon mesaj kote li di “nou va wè nan tribinal.” Misye Trump ajoute:

“Nou gen devan nou yon sitiyasyon kote sekirite peyi nou an an je. Se yon sitiyasyon trè, trè grav. Donk se avèk anpil enpasyans nap tann pou nou fè fas ak jij yo nan tribinal. Se nou ki pral ranpòte laviktwa nan afè sa a.”

Nan yon konferans pou la près minis jistis Eta Washington nan, Bob Ferguson, bay nan vil Seattle, li pale nan non Eta a --ki te pote plent nan tribinal kont entèdiksyon an—pou li di li konsidere desizyon kou dapèl la kòm yon viktwa pou konstitisyon amerikèn nan.

Avoka Philip E. Berns (Foto Achiv Sèvis Kreyòl la)
Avoka Philip E. Berns (Foto Achiv Sèvis Kreyòl la)

Reyaksyon Avoka Philip Berns sou desizyon Kou Dapèl Kalifòni an pran sou entèdiksyon vwayaj kont 7 peyi Mizilman.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:25 0:00

Pou Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la gen plis presizyon sou enpotans desizyon kou dapèl Kalifòni a kapab genyen sou suit afè a, nou pran kontak ak avoka imigrasyon Philip Berns ki baze nan vil Stamford, nan Eta Connecticut.

Klike sou lyen anlè a pou w tande eklèsisman Mèt Berns bay sou desizyon tribinal la nan mikwo Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG