Accessibility links

Breaking News

Prezidan Eli Ayisyen an, Jovenel Moise, Rejte Rapò UCREF ki Ta Asossye l ak Aktivite Blanchiman Lajan


Jovenel Moise, Prezidan Eli Peyi d Ayiti.
Jovenel Moise, Prezidan Eli Peyi d Ayiti.

Prezidan eli ayisyen an, Jovenel Moise, ki reyaji sou yon rapò UCREF--Unité Centrale de Renseignements Financiers- ki sispèk kòmkwa li ta mele nan aktivite blanchiman lajan-- rejte tout nouvèl ki ta pale de enplikasyon l nan aktivite konsa.

Pwochen chèf deta a fè konnen li deja pran avoka pou defann repitasyon l. Pandan Misye Moise te nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la nan Pòtoprens aprè yon vizit nan Santo Domingo, an Repibliek Dominikèn, li bay laprès detay sou pozisyon li konsènan dosye a.

Nap raple direktè jeneral UCREF la, Sonel Jean Francois, te prezante bay laprès, nan jounen mèkredi 18 janvye 2017 la, nimewo kont bankè an dola ameriken prezidan eli a ki ta gen rapò ak aktivite finansye UCREF ekspoze yo.

Prezidan eli ayisyen an, Jovenel Moise, rejte rapò UCREF ki akize l deske li ta swadizan mele nan blanchiman move lajan.
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:29 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande pozisyon Misye Moise sou dosye a.

XS
SM
MD
LG