Accessibility links

Breaking News

Nan Larisi Plis Pase 90 Moun Mouri nan Aksidan yon Avyon Militè

Yon bato Depatman Sèvis Dijans Larisi a ap fè rechèch nan anplasman kote yon avyon militè ris, mak Tu-154, te tonbe nan Lanmè Nwa a pandan li te sou wout pou peyi Siri nan jounen dimanch 25 desanm nan.

Nan peyi Larisi, gouvènman an ak pèp la obsève yon jounen dèy nasyonal pou onore 92 pasaje ak manm ekipaj ki peri apre yon avyon militè ris ki tap transpòte yo te fè aksidan nan Lanmè Nwa a nan jounen dimanch 25 desanm 2016 la.

Aparèy la -yon avyon mak TU-154 ki te gen 33 zan de sèvis- te kite vil Sochi, nan Larisi, pou l ale nan yon baz militè ki nan peyi Siri, lè li te kòmanse degrengole sòt nan syèl la epi li tonbe nan lanmè. Tou lè 92 moun ki te abò a peri. Otorite ris yo poko konnen koz aksidan an; sepandan yo di li pa sanble se rezilta yon atak teworis.

Avyon Tu-154 ki tonbe nan Lanmè Nwa a dimanch 25 desanm 2016 la. Yo te pran foto sa a nan dat 15 janvye 2015, pandan aparèy la tap dekole nan ayewopò militè Chkalovsky, tou prè Moskou, nan Larisi.
Avyon Tu-154 ki tonbe nan Lanmè Nwa a dimanch 25 desanm 2016 la. Yo te pran foto sa a nan dat 15 janvye 2015, pandan aparèy la tap dekole nan ayewopò militè Chkalovsky, tou prè Moskou, nan Larisi.

Pami viktim aksidan sa a, gen 68 manm yon òkès militè, Ansanm vil Alexandrov la, ki te an menm tan yon gwoup dans ki ta pral bay yon konsè nan okazyon Joudlan an pou amize militè ris ki estasyone nan baz ayeryèn vil Latakya a nan Siri.

45 bato ak 135 dayiva ki sòti toupatou nan Larisi ap patisipe nan rechèch kap fèt nan anplasman kote avyon militè a tonbe a. Moun ki ale nan sèvis finèb yo nan Moskou te limen chandèl epi yo kite jèb flè andeyò yon sal konsè kote gwoup la te abitye prezante espektak.

XS
SM
MD
LG