Accessibility links

Breaking News

Frans-Politik : Premye Minis Manuel Valls, Anonse Kanditati li pou Prezidansyèl 2017 la


Premye Minis fransè a Manuel Valls apre yon rankont nan Palè Elize a avèk Prezidan François Hollande.
Premye Minis fransè a Manuel Valls apre yon rankont nan Palè Elize a avèk Prezidan François Hollande.

An Frans, Premye Minis sosyalis la, Manuel Valls, anonse li pral poze kanditati li nan eleksyon prezidansyèl ki fikse pou ane 2017 la. Misye Valls -ki pale ak nasyon an nan yon diskou li fè byen ta nan apre-midi jounen lendi 5 desanm 2016 la nan Ivry, yon banlye parizyèn -- ajoute li pare pou l fè tout sa k posib pou li ini goch politik fransèz la. Li deklare

“Mwen dispoze fè tout sakrifis posib pou Lafrans.”

Premye Minis fransè a fini pa di li pral bay demisyon li pa pi ta ke madi 6 desanm 2016 la yon fason pou l santre atansyon li totalman sou kanpay prezidansyèl li. Misye Valls gen pou l fè fas ak kèk lòt kandida Pati Sosyalis la nan yon primè ki pral dewoule nan mwa janvye 2017 la.

Prezidan Francois Hollande (agoch) ak Premye Minis Manuel Valls aprè yon rankont kabinè a (Le Conseil des Ministres) nan vil Pari.
Prezidan Francois Hollande (agoch) ak Premye Minis Manuel Valls aprè yon rankont kabinè a (Le Conseil des Ministres) nan vil Pari.

Anons sa a rive apre prezidan an plas la, François Hollande, te mete devan nasyon an semèn pase a yon mesaj televize kote li te di li pa gen plan pou l ale dèyè yon lòt manda paske li te byen konprann li pat genyen “apui majorite sitwayen fransè yo ki nèsesè pou m ranpòte laviktwa.” Depi plizyè dizèn dane, Misye Hollande –ki se yon sosyalis menm jan ak Manuel Valls-- se premye prezidan sòtan fransè ki deside kite pouvwa a apre yon sèl manda.

Si Misye Valls, ki gen 54 tran, ranpòte primè yo an janvye, lap gen pou fè fas ak yon ansyen Premye Minis, François Fillon, 62 zan, ki te etone anpil moun semèn pase a lè l te ranpòte yon gwo viktwa pou l tounen kandida a la prezidans Pati Repibliken an, yon pati santre-dwat. Eleksyon prezidansyel la pral dewoule an 2 tou: youn nan mwa davril epi lòt la nan mwa me 2017.

XS
SM
MD
LG