Accessibility links

Breaking News

ONU-Alèp: Apèl Ijan Nasyon Zini pou Gwoup Kap Goumen yo Kite Ed Antre


Katye gwoup rebel yo nan Askar, Alèp, peyi Siri, 24 novanm, 2016.
Katye gwoup rebel yo nan Askar, Alèp, peyi Siri, 24 novanm, 2016.

Nasyon Zini fè konnen preske pa gen tan ki rete ankò pou ede 275 mil abitan nan lès vil Alèp, nan nò peyi Siri, paske yo prèske pran pàn manje. L ONU avèti moun pwal mouri ak grangou si konvwa èd pa ka antre nan vil la nan jou k ap vini yo.

Yon papa kap mache ak 2 pitit li nan katye rebèl yo okipe, al-Shaar nan Alèp, peyi Siri, 23 novanm 2016.
Yon papa kap mache ak 2 pitit li nan katye rebèl yo okipe, al-Shaar nan Alèp, peyi Siri, 23 novanm 2016.

Sa gen plizyè jou depi dènye manje Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) te pote nan zòn nan te rive jwenn moun ki bloke nan pati lès Alèp. Kounye a anyen pa rete. Plizyè demand ke Nasyon Zini te fè pou l voye konvwa èd nan vil la, te jwenn ak refi youn oubyen tou le 2 pati k ap goumen yo.

Konseye Espesyal pou Anvwaye Espesyal l ONU nan Siri, Jan Egeland, fè konnen li espere Larisi ap bay yon konfimasyon ekri e ke l ap jwenn yon repons pozitif gouvènman Siri a pou rapouswiv operasyon sa a ki konplike anpil e ki danjre.

XS
SM
MD
LG