Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Trump Fè Premye Nominasyon li pou La Mezon Blanch

Reince Priebus (adwat), ki te prezidan Komite Nasyonal Pati Repibliken jiske la, jwenn nominasyon kòm Chèf Pèsonèl La Mezon Blanch. Li avèk Donald Trump (mitan) epi Vis Prezidan eli a, Mike Pence (agoch). Foto Achiv: New York, 9 novanm 2016.

Ozetazini, Prezidan eli a, Donald Trump, montre yon vizyon depaman nan fason li nonmen moun ki pral okipe kèk fonksyon wo-nivo nan La Mezon Blanch. Pa ekzanp li nonmen yon moun ki konn politik Washington byen pou pòs chèf pèsonèl la, epi yon popilis --yon militan ekstrèm-dwat-- kòm prensipal konseye politik li.

Reince Priebus, Prezidan Komite Nasyonal Pati Repibliken an.
Reince Priebus, Prezidan Komite Nasyonal Pati Repibliken an.

Kèk jou sèlman apre viktwa-sipriz Misye Trump nan eleksyon prezidansyèl la, li chwazi, nan jounen yè dimanch la, Reince Priebus kòm direktè pèsonèl La Mezon Blanch --yon chwa ki rasire kèk nan lidè Pati Repibliken an kap kontwole tou lè 2 chanm Kongrè a. An jeneral chèf pèsonèl Mezon Blanch la jere operasyon yo nan palè nasyonal Lèzetazini an kote byen souvan se li ki ede prepare pwogram Prezidan an epi deside kilès moun ki ka rankontre ak lidè ameriken an.

Stephen Bannon, ki te travay kòm chèf kanpay eletoral Donald Trump la, pral okipe pòs konseye politik.
Stephen Bannon, ki te travay kòm chèf kanpay eletoral Donald Trump la, pral okipe pòs konseye politik.

An menm tan tou, Misye Trump chwazi Stephen Bannon -ki te travay kòm direktè kanpay elektoral li a-- pou okipe pòs prensipal konseye politik li. Anvan misye Bannon te fè pati ekip ki te nan tèt kanpay la, li tap jere yon paj-entènèt ki bay nouvèl e ki rele “Breitbart News”; se yon platfòm ki ekri kont sistèm politik tradisyonèl la Ozetazini, kote ou jwenn atik ki fè piblisite pou lide blan nasyonalis yo e ki souvan tou pale yon langaj anti-semitik, kidonk kont jwif yo.

XS
SM
MD
LG