Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: 2016 Kapab Antre Nan Listwa Kòm Ane Ki Fè pi Cho Dapre OMM, Òganizasyon Meteolojik Mondyal


Building OMM, Oganizasyon Meteolojik Mondyal nan Genèv. REUTERS/Denis Balibouse (SWITZERLAND). 17 novanm 2009
Building OMM, Oganizasyon Meteolojik Mondyal nan Genèv. REUTERS/Denis Balibouse (SWITZERLAND). 17 novanm 2009

2016 ka byen antre nan listwa kòm ane ki pi cho, dapre Òganizasyon Meteolojik Mondyal Nasyon Zini an OMM.

Yon nòt pou laprès ki soti nan biwo òganizasyon an fè konnen li posib pou 2016 pwal bat menm rekò ak ane anvan an, 2015, kòm ane ki fè pi cho nan listwa.

Sekretè Jeneral OMM lan, Petteri Taalas. Foto REUTERS. 24 oktòb 2016
Sekretè Jeneral OMM lan, Petteri Taalas. Foto REUTERS. 24 oktòb 2016

Òganizasyon Meteolojik Mondyal la deklare lendi 14 novanm 2016 la chif preliminè yo pou 2016 yo montre tanperati yo nan mond la gen yon ogmantasyon 1.2 degre santigrad konpare ak tanperati anvan peryòd endistriyèl la.

Nan kèk pati nan Rejyon Arktik la nan Larisi, tanperati yo te pran 6 a 7 degrè santigrad anplis konpare ak jan yo te ye an mwayèn depi lontan. Kèk zon Arktik ak zòn preske nan rejyon Arktik la nan Larisi ak Alaska ak nòdwès Kanada, tanperati yo moute nan 3 degre santigrad pi wo pase jan yo te konn ye an mwayèn.

Ezanp sechrès ki genyen nan peyi Filipin. (Foto koutwazi Louis Darien nan OMM)
Ezanp sechrès ki genyen nan peyi Filipin. (Foto koutwazi Louis Darien nan OMM)

Sekretè Jeneral Òganizasyon Meteolojik Mondyal Nasyon Zini an OMM, Petteri Taalas, bezwen ranfòse avètisman bonè lè dezas yo ap vini, espesyalman nan peyi an devlopman yo.

XS
SM
MD
LG