Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Yon Atak ak Bonm Touye 6 Moun e Blese 6 Lòt ann Irak


Sòlda lame Irak kap tire mòtye kont militan Eta Islamik yo nan Shahrazad tou pre vil Mosul, Irak, lendi 14 novanm 2016.
Sòlda lame Irak kap tire mòtye kont militan Eta Islamik yo nan Shahrazad tou pre vil Mosul, Irak, lendi 14 novanm 2016.

Yon kamikaz touye 6 moun e blese 6 lòt jodi lindi 14 novanm 2016 a toupre vil Karbala nan sid peyi Irak.

Ministè Enteryè peyi a fè konnen fòs sekirite yo touye 5 lòt asayan. Asayan ki fè atak suisid la te sote tèt li andan yon kay apre twoup sekirite yo te ansèkle li.

Okenn gwoup poko revandike responsablite pou atak la ki fèt nan Ain al-Tamer ki nan apeprè 50 kilomèt distans ak Karbala. Nan vil sa a gen yon mozole ki enpòtan anpil pou Shiyit yo, gwoup Eta Islamik la konsidere kòmkwa yo andeyò ansèyman Islam nan.

XS
SM
MD
LG