Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Resilta sou Eleksyon Prezidansyèl yo nan Kèk Eta


Kandida alaprezidans pati Demokrat la Hillary Clinton (agoch) ak Donald Trump kandida alaprezidans pati Repibliken an (adwat))
Kandida alaprezidans pati Demokrat la Hillary Clinton (agoch) ak Donald Trump kandida alaprezidans pati Repibliken an (adwat))

Nouvèl ki tonbe sou premye rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl ki dewoule madi 8 novanm nan Ozetazini bay kandida repibliken an, Donald Trump, ranpòte Eta sa yo: Indiana, Kentucky, Alabama, Tennessee, Misississippi, Oklahoma, Missouri, Kawolin di Sid, tandiske kandida democrat la, Hillary Clinton, ranpòte Eta Vermont, Conneticut, Rhode Island, Delaware, New Jersey, Maryland, Massachusetts, Ilinwa ak vil Washington, DC.

Nouvèl yo di sanble Eta Vijini Oksidantal panche sou bò repibliken an, sètadi pou Donald Trump; epi premye eleman nouvèl ki sòti nan Eta Florid fè konnen kous la twò sere pou moun konnen ki kandida kap ranpòte Eta sa a..

Sepandan, tout sant vòt yo poko fin bay rezilta. Lavwadlamerik ap kenben piblik la enfòme sou tout dènye nouvèl ki soti sou eleksyon yo Ozetazini. .

XS
SM
MD
LG