Accessibility links

Breaking News

Nouvo Prezidan Filipin nan anonse “yon separasyon” avèk Lèzetazini


Prezidan Rodrigo Duterte (agoch) pandan yon rankont nan Peken, jedi 20 oktòb 2016 la, avèk Prezidan chinwa a, Xi Jinping.
Prezidan Rodrigo Duterte (agoch) pandan yon rankont nan Peken, jedi 20 oktòb 2016 la, avèk Prezidan chinwa a, Xi Jinping.

Nan sa ki ka reprezante yon gwo bak pou Washington ak efò Lèzetazini ak fè pou li gen koneksyon ki pi solid ak kontinan azyatik la, Prezidan peyi Filipin nan, Rodrigo Duterte, anonse sa li konsidere kòm «yon separasyon» ant peyi li ak Lèzetazini apre yon rankont ak otorite wo-plase chinwa yo nan Peken. Misye Duterte deklare:

« Map anonse isit la separasyon mewn ak Lèzetazini nan domèn militè a ak domèn ekonomik; sepandan petèt se pa yon separasyon nan nivo sosyal la ».

焦点对话:杜特尔特访华,弃美亲中是真是假?
焦点对话:杜特尔特访华,弃美亲中是真是假?

Lidè filipen an fè deklarasyon sa a pandan li tap pale de echanj komèsyal ant peyi li ak Lachin nan jounen jedi 20 oktòb 2016 la nan Peken. Anpil lidè sektè komès ak endistri a ak divès otorite chinwa te reyini pou koute Misye Duterte. Deklarasyon li fè sou chanjman li vle pote nan relasyon ant Washington ak Maniy yo te deklannche anpil aplodisman. Prezidan Filipin nan ajoute lap re-aliyen peyi li ak ideyoloji Lachin e gen posiblite pou li ale tou nan Larisi pou l di Prezidan Vladimir Putin:

« Gen 3 peyi ki leve kanpe kont rès mond la: se Lachin, Filipin ak Larisi. »

XS
SM
MD
LG