Accessibility links

Breaking News

Siklòn Matthew : Etazini Fin Akonpli Premye Faz Misyon li nan Peyi d Ayiti


Anbasad amerikèn nan Pòtoprens.
Anbasad amerikèn nan Pòtoprens.

Konsènan asistans peyi d Ayiti ap resevwa apre pasaj Siklòn Mathhew a, men yon komike ki sòti nan Anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens:

<< Etan done kondisyon transpò yo amelyore nan zòn Siklòn Mathhew ravaje yo nan peyi d Ayiti, e nan moman yon repons imanitè dyanm e entegre sou pye, Lèzetazini ap adapte efò asistans li yo daprè strateji retablisman pòs-siklòn gouvènman ayisyen an.

<< Avyon, bato ak manm pèsonèl lame amerikèn nan fin ranpli misyon yo e yap kite peyi d'Ayiti pou le moman. Kapasite san parèy militè yo genyen pou yo fè livrezon materyèl sekou yo rapidman pandan premye faz repons la, li transfere kapasite sa a kounyela a bay konpetans sivil ayisyen yo ak kominite entènasyonal la.

<< Sepandan, efò asistans konsiderab Lèzetazini yo ap kontinye san pran souf, kote nap travay ak gouvènman ayisyen an e atravè patnè nou yo nan tout zòn siklòn nan frape yo.>>

XS
SM
MD
LG