Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Pawòl Piman-Bouk Pati nan 3èm e Dènye Deba and 2 Kandida yo


候选人辩论收场,总统选举乾坤已定?
候选人辩论收场,总统选举乾坤已定?

Ozetazini, 2 prensipal kandida a la prezidans ameriken yo a savwa Hilary Clinton pou pati demokrat la e Donald Trump pou pati repibliken an tope kòn yo nan sware jounen mèkredi 19 oktòb 2016 la nan denye deba televise yo ki dewoule nan vil Las Vegas, nan Eta Nevada.

Deba a te santre sou dwa pou sitwayen prive pote zam, sou dwa pou fanm fè avòtman (dilatasyon) ak sistèm imigrasyon Lèzetazini an. Madam Clinton di li pa dako avèk plan rival repibliken li an genyen pou l fè depòte imigran ilegal pa bann e pa pakèt; e kandida demokrat la eksplike poukisa:

Hillary Clinton pandan 3èm e dèye deba kanpay prezidansyèl 2016 la.
Hillary Clinton pandan 3èm e dèye deba kanpay prezidansyèl 2016 la.

“Mwen pa vle separe nanm fanmi yo. Mwen pa vle deparye paran ak pitit. Mwen pa vle wè depòtasyon fèt pa lafòs nan peyi nou an jan Donald ap mande sa a. Nou genyen 11 milyon moun kap viv ilegalman nan peyi a; moun sa yo gen 4 milyon pitit ki sitwayen ameriken; sa fè 15 milyon moun an tou.”

Bò kote pa l, Donald Trump retòke pou l di sekirite sou fwontyè Lezetazini yo se yon bagay ki ekstrèmman enpòtan pou li; e daprè li, dosye sa a sanble pa tèlman gen enpòtans pou Madan Clinton:

Donald Trump - 3èm deba prezidansyèl 2016 la.
Donald Trump - 3èm deba prezidansyèl 2016 la.

“Hillary vle bay moun amnisti --- e sa ta reprezante yon dezas, yon aksyon enjis anvè tout moun kap ret tann tou pa yo rive depi plizyè ane. Nou bezwen bon jan sekirite sou fwontyè nou yo. Pami moun ki nan sal la aswè a, genyen 4 manman pitit --mwen vle di 4 kretyen vivan enkwayab mwen te rankontre sou yon peryòd plizyè lane e ki pèdi pitit yo ki mouri anba zak brital moun ki te antre nan peyi a ilegalman.”

2 rival yo te frape kòn yo tou sou yon dosye ki gen rapò ak prezidan Larisi a, Vladimir Putin. Madanm Clinton di youn nan rezon ki fè lidè ris la ta pi renmen wè Donald Trump ranpòte eleksyon an, se paske li byen konnen misye tap tounen yon maryonèt nan men Moskou. Kandida repibliken an reponn kif-kif pou l di o-kontrè se Madan Clinton ki maryonèt la, paske gen plizyè egzanp ki fè wè Vladimir Putin te montre li pi entelijan e pi madre pase kandida demokrat la nan moman li te Sekretè Deta Lèzetazini.

Anpil espesyalis panse deba yo pa tèlman fè gwo bagay pou yo konvèti yon elektè endepandan, pa egzanp, pou l deside vote pou youn nan kandida 2 prensipal pati politik yo. Sepandan, yo atire atansoyn sou le fèt ke Donald Trump fè anpil votan pa kontan poutèt li refize di kareman si lap aksepte rezilta eleksyon an nan ka kote se Hillary Clinton ki ranpòte laviktwa, malgre moderatè deba a, jounalis Chris Wallace (nan TV Fox News) te poze l kesyon an plizyè fwa.

XS
SM
MD
LG