Accessibility links

Breaking News

OPS ap Ranfòse Lit Kont Kolera ann Ayiti apre Pasaj Siklòn Matthew


Yon ri nan vil Okay, Ayiti, 6 oktòb 2016 la, apre pasaj siklòn Matthew.
Yon ri nan vil Okay, Ayiti, 6 oktòb 2016 la, apre pasaj siklòn Matthew.

Men ekstrè yon nòt OPS (Oganizasyon Pan-Amerikèn Lasante) ak OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante) pibliye apre pasaj Siklòn Matthew nan rejyon Karayib la:

"OPS ap reponn ijans Siklòn Matthew kreye nan Karayib la e lap pare pou l evite yon ogmantasyon ka kolera ann Ayiti.

"Washington, DC, dat 6 oktòb 2016.

Avèk rezilta evalyasyon nou kòmanse fè sou dega Siklòn Matthiew koze nan peyi d Ayiti, Bahamas, Kika ak Lajamayik, Oganizasyon Pan-Amerikèn Lasante ak Oganizasyon Mondyal Lasante deja voye espesyalis yo nan zòn siklòn nan afekte yo e yo kòmanse fè preparasyon pou evite epidemi kolera a pran plis fòs ann Ayiti, peyi kote, rive nan lane 2016 la, yo te rapòte plis pase 28 mil 500 ka maladi a.

Transpò nan Pòtoprens pandan pasaj Siklòn Matthew nan jounen mèkredi 5 oktòb 2016 la.
Transpò nan Pòtoprens pandan pasaj Siklòn Matthew nan jounen mèkredi 5 oktòb 2016 la.

"Nan peyi d Ayiti, 9 sou 15 prensipal lopital peyi a kontinye fonksyone; gen 5 ki pa gen komikasyon ni pa telefòn, ni pa radyo; yo evakye manm pèsonèl yon lòt (an palan de lopital vil Okay la, nan Depatman Sid la) epi yo transpòte malad yo nan yon lòt lopital, dapre enfòmasyon ki sòti nan Depatman Dijans de Sante OPS la. Dapre nouvèl milye ofisyèl yo pibliye, plis pase 10 mil moun twouve yo nan sant dazil ak abri; anfen li difisil pou moun ale nan 3 Depatman akoz destriksyon pon ki te mennen nan pwovens sa yo.

"Repons OPS bay sou plan rejyonal la, se apiye li apiye aktivite teknik yo an 4 peyi afekete yo: Ayiti, La Jamayik, Kika ak Bahamas. Oganizasyon an deplwaye nan peyi sa yo 11 ekspè ki sòti nan Ekip Repons Rejyonal li a. Biwo OPS genyen nan peyi d Ayiti a ekipe e motive 35 fonksyonè li yo pou yo te konfwonte sitiyasyon siklòn nan kreye nan peyi a epi fè fas ak tout chanjman ki ta genyen nan pwoblèm kolera poze. An plis de sa, OPS mobilize lòt espesyalis nan kowòdinasyon kesyon sante, divès ekip ki byen konnen tretman, lojistik ak jesyon pwoblèm medikal dijans, an plis 4 ekip espesyalis ki abitye travay sou teren pou kowòdone repons yo avèk fonksyonè nasyonal ayisyen yo epi Depatman Sante Piblik peyi d Ayiti.

"Apati de semenn sa a OPS ap voye epidemyolojis ki gen eksperyans sou teren pou ede Ayiti lite kont epidemi kolera a epi kontwole tout monte nan ensidans yo. Pwochen etap la se va dispozisyon pou ranfòse rezo ki la pou alète piblik la sou evolisyon sitiyasyon an epi kontwle epidemi an ki prezan nan peyi a depi ane 2010; pou yo fè sa, yo konte sou travay epidemylojis yo ak kowòdonatè ki sou teren an, pi presizeman nan zòn priyoritè yo, e kap tavay ansanm ak ekip repons OPS yo.

Yon sant tretman kolera ann Ayiti
Yon sant tretman kolera ann Ayiti

"Depi mwa doktòb 2010, Ayiti anrejistre plis pase 790 mil ka kolera e plis pase 9 mil 300 mò. Ane sa a Depatman Sante Piblik peyi a te lanse yon alèt wouj kont epidemi kolera nan 12 awondisman epi 4 depatman kote yo te detekte anpil monte maladi a.

"OPS ap kowòdone aktivite li yo ann Ayiti avek La Kwa Wouj Entènasyonal, OCHA, Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), Biwo USAID pou Asistans an ka Dezas, ECHO, Zafè Global Kanada epi yon ajans Wayòm Ini ki rele DFID."

XS
SM
MD
LG