Accessibility links

Breaking News

L'ONU Lanse yon Apèl pou l Mande Asistans pou Ayiti Akoz Pasaj Siklòn Matthew


Yon gwoup fanm ki te kouvri tèt yo ak kivèt pou yo te ka sikile pandan yon lapli Siklòn Matthew tap lage sou Pòtoprrens, kapital Ayiti, nan jounen madi 4 oktòb 2016 la.
Yon gwoup fanm ki te kouvri tèt yo ak kivèt pou yo te ka sikile pandan yon lapli Siklòn Matthew tap lage sou Pòtoprrens, kapital Ayiti, nan jounen madi 4 oktòb 2016 la.

Daprè Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTHA), van ak inodasyon koze destriksyon nan plizyè kay ann Ayiti e yo lakoz anpil moun blese. Daprè nouvèl yo, gen 4 moun pou pi piti ki mouri e plizyè milye lòt ap viv kounyela a nan azil.

Logo l'ONU
Logo l'ONU

Siklòn Matthew kreye yon lòt sitiyasyon dezas imanitè nan Ayiti ki, dapre nòt misyon l’ONU an, se peyi ki pi pòv nan Emisfè Oksidantal la. Sete deja yon peyi I tap redi pou l leve anba yon tranblemantè ki te devaste li nan lane 2010 e ki kite 55 mil moun kap viv nan abri jiskaprezan.

Gwo van tap souke pye kokoye yo pandan pasaj Siklòn Matthew nan Pòtoprens Ayiti, nan jounen madi 4 oktòb 2016 la.
Gwo van tap souke pye kokoye yo pandan pasaj Siklòn Matthew nan Pòtoprens Ayiti, nan jounen madi 4 oktòb 2016 la.

Nan jounen lendi 3 oktòb 2016 la, Oganizasyon Nasyon Zini te resevwa yon demand ofisyèl pou l ede otorite ayisyen yo pote yon repons dijans bay pasaj SIklòn Matthew sou peyi a.

Yon ekip Evalyasyon Dezas l’ONU te rive nan peyi a depi Dimannch nan kad preparasyon pou pasaj Siklòn nan e òganizasyon mondyal la ap prepare l pou l lanse yon apèl pou l mande asistans pou fè fas ak kriz imanitè li prevwa Siklòn nan pral kite dèyè. Nasyon Zini deja pre-pozisyone manje ak lòt pwodui ki pa manje atravè tèritwa ayisyen an; li pare pou l distribuye yo epi kowòdone operasyon sa a avèk ajans dèd inamitè yo.

XS
SM
MD
LG