Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba: Apre Plis Pase 50 Lane, Lèzetazini Pral Gen yon Anbasadè nan La Avàn, Kiba


Drapo Peyi Kiba ak Drapo Peyi Etazini (G a D)
Drapo Peyi Kiba ak Drapo Peyi Etazini (G a D)

Prezidan Etazini Barack Obama nonmen youn nan pi gwo diplomat Ameriken kòm premye anbasadè peyi a nan Kiba. Se premye fwa 2 peyi yo gen relasyon diplomatik antre yo depi plis pase 50 lane.

Prezidan Ameriken an Barack Obama ak fanmi li chita bò kote Prezidan Kiben an Raul Castro
Prezidan Ameriken an Barack Obama ak fanmi li chita bò kote Prezidan Kiben an Raul Castro

Prezidan Obama chwazi Jeff DeLaurentis kòm reprezantan Lèzetazini nan La Avàn, Kiba. Sepandan, Misye Delaurentis bezyon konfimasyon Sena Ameriken an avan li pran fonksyon ofisyèlman nan pòs sa a.

E dapre sa nouvel yo rapòte, Demokrat yo nan yon lit fewòs ak Repibliken yo ki kont nòmalizazyon relasyon ant Etazini ak nasyon kominis la.

Delaurentis ap travay nan anbasad tounèf Etazini nan la Avàn nan depi lè l te louvri nan mwa Jiyè ane pase. Prezidan Obama di pa gen okenn lòt fonksyonè ki gen meyè kalifikasyon pou pòs sila a.

XS
SM
MD
LG