Accessibility links

Breaking News

“Rankont Pozitif” ant Prezidan Obama ak Prezidan Putin Sou Sitiyasyon an nan Siri


Prezidan ris la, Vladimir Putin (agoch) ki tap pale ak kòlèg ameriken li, Barack Obama, nan vil Hangzhou nan pwovens Zhejiang, ki nan pati lès peyi Lachin, nan dat 5 septanm 2016 la.
Prezidan ris la, Vladimir Putin (agoch) ki tap pale ak kòlèg ameriken li, Barack Obama, nan vil Hangzhou nan pwovens Zhejiang, ki nan pati lès peyi Lachin, nan dat 5 septanm 2016 la.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, deklare li fè yon chita-pale trè pozitif ak kòlèg ris li a, Vladimir Putin, sou sitiyasyon an nan peyi Siri; men 2 pati yo genyen yon gwo wout toujou pou yo travèse anvan pou yo jwenn yon akò-seselfe ki ta ka pèmèt plis asistans imanitè antre nan Siri.

Misye Obama pale konsa lendi 5 septanm 2016 la nan yon konferans pou laprès kote li te abòde yon gwo lis sijè nan fèmti Somè G-20 an nan vil Hangzhu nan Lachin. Lidè ameriken an fè rankont sa a ak laprès aprè chita-tande li ak Misye Putin.

2 lidè yo diskite, daprè laprès, sou sa yo konsidere kòm yon "veritab kanpo nan ostilite yo"; sepandan Prezidan Obama di sa pral mande kèk negosyasyon difisil etandone mank konfyans ki egziste ant Moskou ak Washington.

XS
SM
MD
LG