Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Gouvènman Privert/Jean-Charles la Konfime Rapatriman Finansman Pwochen Eleksyon yo


Nan peyi d Ayiti, nan yon rankont Prezidan Repiblik la, Jocelerme Privert, te genyen mèkredi 31 out la ak laprès, li repete angajman Leta ayisyen pran pou l dekese lajan ki nesesè pou eleksyon yo dewoule nan dat Konsèy Elektotal Pwovizwa a (KEP) fikse a, swa 9 obtòb 2016 la. Misye Privert rekonèt se yon gwo defi; men li di Ayiti deside fè fas ak tout difikilte ki makònen ak òganizasyon eleksyon yo.

Repiblik Dominikèn
Repiblik Dominikèn

​ Nan menm jounen mèkredi 31 out la, Prezidan Privert te resevwa Minis Afè Etranjè Repibik Dominikèn nan, Miguel Vargas Maldonado. Pami tèm diskisyon yo, te genyen, antwòt, relans dyalòg ant 2 peyi ki pataje Lil Ispanyola a nan kad misyon Komisyon Miks Ayisyano-Dominikèn nan, yon pwolongasyon peryòd preparasyon dokiman pou Ayisyen kap viv san papye legal nan Peyi Panyòl yo, ak entèdiksyon gouvènman ayisyen an te mete sou enpòtasyon kèk pwodui dominiken.

Yon lòt kote, Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (abreje fransè: IGPNH) bay yon konferans pou laprès nan jounen mèkredi 31 out 2016 la sou aktivite enstitisyon polisyè a ak responsablite kap tann li nan kad rewouvèti lekòl la ak kanpay electoral la. Jean-Claude Benjamin, pòtpawòl Enspeksyon Jeneral PNH la, te reponn pale ak jounalis yo.

NOUVEL AYITI POU JEDI PREMYE SEPTANM 2016 LA - VWA: Jacqulin BELIZAIRE/Lyonel DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:36 0:00

“Rekonekte yon Fanmi ak Lòt", se tit yon pwogram Lakwa Wouj Ayisièn lanse nan jounen madi 30 out 2016 la. Objektif pwogram sa a se, antwòt, pèmèt ti moun ki disparèt yo, fanmi ki gaye toupatou ak moun ki nan prizon san moun lakay yo pa konnen repran kontak ak fanmi yo. Direktris Lakwa Wouj la, Marie Marcelle Cauvin, fè bilan travay Sèvis Retablisman Lyen Familyal enstitisyon an mete sou pye.

Klike sou lyen anlè a pou w gen detay nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG