Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : Premye Minis Jean-Charles Garanti Dewoulman Eleksyon yo nan Dat 9 Oktòb Pwochen


Ann Ayiti, Premye Minis Enex Jean-Charles te reponn, nan jounen lendi 29 out 2016 la, konvokasyon Chanm Depite a kote li deklare tout bagay sanse pare pou sa ki konsènen finansman ak sekirite eleksyon 9 oktob yo e li di gouvènman li a pran dispozisyon pou vòt la dewoule kòmsadwa.

An plis dosye elektoral la, ouvèti lekòl la te nan tèt diskisyon chèf gouvènman an fè avèk palmantè yo. Pandan rankont sa a, prezidan Chanm nan, Depite Cholzer Chancy, repwoche Premye Minis la le fèt ke li te boude 3 premye envitasyon palmantè yo te lanse ba li.

000000000000000000000000000000000000000000

NOUVEL AYITI POU MADI 30 OUT 2016 LA - VWA: Jacqulin BELIZAIRE/Lyonel DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:53 0:00

Lidè Pati Fanmi Lavalas la, ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, ak kandida a la prezidans pati a, Doktè Marise Narcisse, vizite komin Petyonvil nan jounen lendi 29 out 2016 la . Ansyen chèf deta a, ki te gen dèyè li plizyè milye patizan ak senpatizan, prezante Madam Narcise kòm “yon manman pou peyi d Ayiti.”

0000000000000000000000000000000000000000000

Depite Eta New Hampshire, Ozetazini Jean Luniol Jeudy, ki gen orijin ayisyèn, repwoche palmantè ayisyen yo le fèt ke yo pa pase a laksyon pou pwononse yo sou estati Prezidan Jocelerme Privert ki, daprè Misye Jeudy, rete yon lidè de facto. Depite ameriken an di lè pou kòlèg ayisyen li yo te gen pou reyaji kont ogmantasyon pri gaz la, yo te fè sa an 2 tan, 3 mouvman. Sa vle di konpòtman palmantè yo devan sitiyasyon an nan tèt pouvwa egzekitif la ann Ayiti montre yo pa enterese nan fè travay pèp la.

XS
SM
MD
LG