Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ap Vizite Lwizyàn, yon Eta Move Tan ak Inondasyon Ravaje


Prezidant Barack Obama pandan li tap monte abò avyon Air Force One, nan baz ayeryèn Andrews, nan Eta Maryland, nan matine jounen 23 out 2016 la, pou l al vizite Eta Lwizyàn.
Prezidant Barack Obama pandan li tap monte abò avyon Air Force One, nan baz ayeryèn Andrews, nan Eta Maryland, nan matine jounen 23 out 2016 la, pou l al vizite Eta Lwizyàn.

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap vizite, madi 23 out 2016 la, Eta Lwisyàn, nan sidès Lèzetaini, kote move tan devaste yon bon pòsyon nan rejyon sid la.

Pil debri nan yon zòn devaste nan vil Baton Rouge, nan Eta Lwizyàn.
Pil debri nan yon zòn devaste nan vil Baton Rouge, nan Eta Lwizyàn.

Se premye vizit lidè ameriken an nan Lwisyàn depi divès move tan ak inondasyon te pase sou Eta a ant le 8 e le 14 out pase a; omwen 134 moun pèdi lavi yo, anviwon 60 mil kay domaje epi plizyè dizèn milye moun toujou ap chache abri pwovizwa. Plis pase 106 mil moun aplike pou asistans nan men gouvènman federal la e otorite yo deja distribye yon afè de 20 milyon dola.

Prezidan Obama espere pote bay viktim inondasyon yo asirans administrasyon l nan fè asistans pou pèmèt yo rekanpe sou 2 pye yo tounen yon gwo priyorite. Gouvènman an deja dekrete yon eta dijans nan 20 sou 64 awondisman ki genyen nan Lwizyàn yo; sa pèmèt otorite yo akselere pwosesis livrezon asistans federal la.

Misye Obama pral vizite zòn ki devaste nan pati lès vil Baton Rouge. Otorite federal yo, premye sekouris yo, otorite Eta Lwiyàn yo ak otorite lokal yo pral ba li yon rapò oral sou sitiyasyon an.

XS
SM
MD
LG