Accessibility links

Breaking News

Desizyon Yon Tribinal d Apèl Nan New York Anfavè l’ONU e Kont Viktim Kolera yo


 Logo Nasyon Zini
Logo Nasyon Zini

Yon kou dapèl federal nan New York pran yon desizyon ki di Nasyon Zini gen iminite ki pwoteje li kont pwosè ki tap fèt an favè viktim Kolera yo ann Ayiti, pwosè kote avoka viktim sa yo te mande pou Oganizasyon mondyal la peye domaj ak enterè, paske yo kwè se li-menm ki responsab prezans epidemi kolera nan peyi a. Tribinal la pran desizyon sa a nan jounen jedi 18 out 2016 la . Jijman kou dapèl la mentni desizyon yon lòt tribinal te pran nan lane 2015 pou l rejte pwosè ki tap fèt an favè viktim kolera yo.

Avoka Brian Concannon, militan dwamoun e direktè egzekitif Enstitu pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti ki baze nan vil Boston, Eta Massachusetts, se youn nan konseye legal kap defann dwa Ayisyen ki trape maladi kolera yo. Nan yon entèvyou ak Lyonel Desmarattes, li di ki pwochen etap lap konsidere aprè desizon kou dapèl federal New York la (klike sou lyen anba a).

Reyaksyon Avoka Brian Concannon Jr., sou Desizyon yon Kou Dapèl New York sou Dosye Epidemi Kolera a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:57 0:00

Yon nòt ki sòti l'ONU fè konnen:

“Sekretè Jeneral Ban-Kimoon pran nòt desizyon kou dapèl New York la ki kore jijman premye tribunal te pran pou l rekonèt iminite ki pwoteje òganizasyon mondyal la kont tout pousuit an jistis selon sa ki di nan Chat l'ONU an ak trete entènasyonal yo. Misye Ban atire atansyon sou efò ki fèt, ni bò kote gouvènman ayisyen an, ni bò kote kominote entènasyonal la, pou redui jiska 90 pou san nan kantite ka kolera yo ki te atenn somè yo nan lane 2011.”

Nòt l’ONU an kontinye pou l di:

“Malgre apèl repete, efò kap fèt yo pa rive jwenn ase finansman e toujou genyen yon mankman nan lajan ki nesesè a. Sekretè Jeneral la lanse yon apèl prese-prese bay Eta-Manm yo pou yo montre solidarite yo ak pèp ayisyen an. Pou yo fè sa, yo dwe ogmante kontribisyon yo nan efò pou elimine maladi kolera a epi ofri asistans yo an favè moun ki afekte yo.

Sant Tretman kont Kolera ann Ayiti
Sant Tretman kont Kolera ann Ayiti

“Pandan plizyè dizèn dane deja, Nasyon Zini rete kanpe bò kote pèp ayisyen an pou apiye li nan lit li pou demokrasi ak ranfòsman enstitisyon li yo epi ede peyi a rebati apre tranblemanntè ane 2010 la. Sekretè Jeneral la ak Nasyon Zini tout antye, gen yon fèm volonte pou yo kontinye bay Ayiti apui sa a, pou yo onore pèp ayisyen an epi ede li prepare yon avni ki pi pasifik e pi pwospè.”

XS
SM
MD
LG