Accessibility links

Breaking News

Kolera ann Ayiti: Eske l'ONU sou Wout pou l Pran Responsablite a?


Dapre yon nòt pòtpawòl lONU an, Farhan Haq, mete devan laprès mèkredi 17 out la nan New York, òganizasyon mondyal la ap gade sitiyasyon kolera a ann Ayiti avèk plis atansyon e li pare pou l anonse chanjman nan pozisyon li nan semèn kap vini la yo. Misye Haq te li pwojè-rapò a ki di:

“ Nasyon Zini resevwa nan men Rapòtè Espesyal li sou Povrete Ekstrèm ak Dwamoun, yon pwojè-rapò sou repons l'ONU bay konsènan kolera ann Ayiti. Daprè pratik nòmal yo, lONU gen pou l pataje rapò sa a ak pati konsène a –nan ka sa a, se l'ONU li menm-- pou l ka egzamine aksyon pati konsène a. Rapòtè Espesyal la pral pibliye rapò a daprè tan ki nesesè pou piblikasyon konsa fèt -selon tout vrèsanblans nan mwa septanm nan- e li pral prezante li devan asanble jeneral la nan mwa oktòb la.

“Byen anvan piblikasyon fèt an piblik, l'ONU angaje l seryezman nan efò pou dezitire kolera ann Ayiti depi maladi a te eklate an 2010. Sepandan, pandan 12 mwa ki pase yo l'ONU vin gen konviksyon li dwe fè plis efò toujou, paske li te enplike, depi nan kòmansman, nan eklatman maladi kolera a ak soufrans moun ki trape l yo.

"Nap konsidere yon seri de opsyon aktyèlman. Pwojè-rapò a ak rekòmandasyon l yo ap tounen yon kontribisyon valab pou l'ONU nan moman lap travay pou l pran tout yon seri de aksyon tou nèf. Nan 2 mwa kap vini yo, nou pral prezante bay piblik la nouvo repons nou yon fwa nou va fin elabore l totalman, ann akò ak otorite peyi d Ayiti yo, epi diskite li avèk tout eta manm yo.”

0000000000000000000000000000000

Rayaksyon sou posib chanjman nan pozisyon l'ONU vizavi eklatman maladi kolera ann Ayiti. Kolaboratè nou Jacquelin Bélizaire ak Lyonel Desmarattes kontakte avoka Brian Concannon, militan dwamoun e direktè egzekitif Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti ki baze nan vil Boston, Eta Massachusetts. Se youn nan avoka kap defann dwa Ayisyen ki trape maladi Kolera yo e ki te rele Nasyon Zini nan tribinal Ozetazini pou l pran responsablite li pou prezans Kolera ann Ayiti.

Reyaksyon Avoka Brian Concannon Jr., direktè egzekitif Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:48 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv reyaksyon Mèt Concannon.

XS
SM
MD
LG