Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Konvansyon Pati Demokrat la Kòmanse nan Filadelfi,


Konvansyon 2016 Pati Demokrat la
Konvansyon 2016 Pati Demokrat la

Ozetazini, Pati Demokrat la tanmen konvansyon nasyonal li a nan sware lendi 25 jiyè 2016 la nan vil Filadelfi, nan eta Pennsilvani, kote delege yo pral konfime ansyen sekretè deta Hillary Clinton kòm kandida ofisyèl pati a pou eleksyon prezidansyel 2016 la.

Prezidan komite nasyonal pati demokrat la, Debbie Wasserman Schultz, yon manm chanm depite ameriken an, ki tap pale nan yon ti dejene delegasyon Florid la, nan jounen lendi 25 jiyè 2016 la nan Filadelfi, sou premye jou konvansyon an. (Foto: AP Photo/Matt Slocum)
Prezidan komite nasyonal pati demokrat la, Debbie Wasserman Schultz, yon manm chanm depite ameriken an, ki tap pale nan yon ti dejene delegasyon Florid la, nan jounen lendi 25 jiyè 2016 la nan Filadelfi, sou premye jou konvansyon an. (Foto: AP Photo/Matt Slocum)

Konvansyon sa a kòmanse nan mitan anpil konfizyon akoz fwit kourye elektwonik ki montre yon lidè pati a --Debbie Wasserman Schultz, ki se prezidan komite national demokrat la-- tap chache fè li fasil pou Madan Clinton jwenn nominasyon an sou rival li a, Senatè Vermont la, Bernie Sanders. Otorite pati a fòse Madam Wasserman Shultz kite pozisyon an nan jounen dimanch la apre ajans nouvèl an-liyn Wikileaks te pibliye preske 20 mil kourye elektwonik ki montre plizyè lidè pati a te kritike kanpay Misye Senders la e yo te fè tantativ pou destabilize li alòske li tap mennen yon kanpay sere fas a Madan Clinton.

Misye Sanders, ki te mande Madan Wasserman-Schultz bay demisyon n, pibliye yon deklarasyon kote li di se yon bon desizyon ansyen responsab la pran pou l bay demisyon li; dapre Misye Sanders, se yon desizyon ki bon pou avni Pati Demokrat la. Eskandal sa a eklate apre kandida presanti pati a, Hillary Clinton, te anonse li chwazi Senatè Vijini a, Tim Kaine, kòm kandida pou plas Vis Prezidan pati a. Kandida Pati Repibliken an mete an fas Madam Clinton se Donald Trump.

Majistra vil Baltimore la, Stephanie Rawlings-Blake
Majistra vil Baltimore la, Stephanie Rawlings-Blake

Pèsonalite ki ouvri konvansyon an nan plas Wasserman-Schultz, se Stephanie Rawlings-Blake, majistra vil Baltimore, nan Eta Maryland, ki se Sekretè pati demokrat la. Anvan ouvèti a, Bernie Sanders te lanse yon apèl kote li mande patizan li yo rasanble dèyè Hillary Clinton. Nan apèl sa a Misye Sanders preche pou inite “ki nesesè pou pati demokrat la bat kandida repibliken an, Donald Trump. Sepandan foul la te rele chalbari dèyè Hillary Clinton lè misye te mande pou yo ede kandida demokrat la ranpòte eleksyon an.

Entèvyou Sege Michel ak J.P. Leroy sou premye jou konvansyon pati demokrat la, lendi 25 jiyè 2016 la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:59 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w koute yon entèvyou anvwaye espesyal nou, Serge F. Michel, bay Jean-Pierre Leroy sou premye jou konvandyon an kap dire 4 jou.

XS
SM
MD
LG