Accessibility links

Breaking News

Kè-Sote Depite Ameriken Frederica Wilson devan Sitiyasyon an ann Ayiti


Deite Frederica Wilson
Deite Frederica Wilson

Yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo depite ameriken Frederica Wilson, fè konnen Madam Wilson te pale, nan jounen vandredi 15 jiyè 2016 la, ak kowòdonatè espesyal Depatman Deta pou Ayiti, anbasadè Kenneth Merten, pou yo te abòde divès pwoblèm pèp ayisyen an ap konfwonte --pami yo genyen grèv doktè yo, yon eleksyon ki te dwe fèt depi lontan e ki pa fèt, epi manda Prezidan provizwa a, Jocelerme Privert, ki deja pran fen. Nòt pou laprès la kontinye pou l di:

Depi 18 mas 2016 la, 3 lopital piblik prensipal yo ann Ayiti rete fèmen an jeneral akoz yon grèv. Plis pase 400 medsen rezidan ap denonse yon salè ki ba anpil ak kondisyon travay ki menase lavi yo. Depite Wilson pataje ak Anbasadè Merten kè-sote li pou ayisyen vilnerab yo kap redi pou yo jwenn swen-sante akoz grèv sa a kap kontinye e akoz yon pèsonèl medikal kap fè jefò pou l siviv ak yon salè mansyèl anviwon 120 dola ameriken. Depite a atire atansyon sou wòl enpòtan pwofesyonèl lasante yo jwe nan lit kont maladi kolera a ak zika, plis enpòtans efò ki nesesè pou pèmèt ayisyen ki gen ti mwayen yo gen posiblite pou yo jwenn swen sante.

Depite Wilson mansyone nouvèl ki parèt nan laprès e ki pale de Ayisyen ki soufri ou ki menm mouri akoz grèv la. Li site yon nouvèl ki te parèt nan mwa me 2015 e ki te brake limyè sou yon don 5 milyon dola USAID te ofri pou finanse salè 3 mil pwofesyonèl lasante nan Liberya ki te an grèv alòske peyi sa a tap fè fas ak gwo pwoblèm sante, menm jan ak sa k poze ann Ayiti jounen jodi a. Depite Wilson mande Anbasadè Merten pou l tcheke resous Lèzetazini ann Ayiti epi anvizaje posiblite pou Lèzetazini ofri yon asistans tanporè pou pwofesyonèl lasante ayisyen yo dekwa pou moun kapab frekante imedyatman pi gwo lopital piblik yo ann Ayiti. Se konsa tou, Depite Wilson kore lide pou Lèzetazini kontinye apiye lidè ayisyen kap pran desizyon sou sò prezidan pwovizwa Jocelerme Privert e kap fè planifikasyon pou yo òganize eleksyon ki te dwe dewoule lontan deja.

Depite Wilson deklare : “Kòm yon manm kongrè a ki fyè pou m reprezante youn nan pi gwo popilasyon ayisyen Ozetazini, map travay pou m ranfòse relasyon ant Lèzetazini ak Ayiti pou pwogrè priyorite nou pataje yo, pami yo genyen posiblite pou moun jwenn swen sante, eleksyon lib e ekitab, epi yon tranzisyon kap mennen Ayiti nan yon demokrasi ki dyanm.”

XS
SM
MD
LG