Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Gen yon Nouvo Direktè Egzekitif, Uder Antoine, apre Demisyon Mosler Georges


Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an
Logo Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayisyen an

Mosler Georges, direktè egzekitif Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), bay demisyon n pandan wikenn nan. Otorite elektoral yo ap enstale, nan kòmansman jounen lendi 23 me 2016 la, Uder Antoine nan plas li, daprè yon kominike KEP a pibliye.

Platfòm Pitit Desalin fè konnen kandida a la prezidans PHTK a, Jovenel Moise, se prensipal benefisyè fwod machin elektoral la te pèmèt moun fè pandan dewoulman eleksyon oktòb 2015 la. An tou ka, se deklarasyon youn nan alye platfòm nan, Mathias Pierre, ki pa sispann mande KEP a mete deyò nan eleksyon an kandida ki ta benefisye de fwòd yo. Platfòm politik LAPEH, bò kote pa li, lonje dwèt sou ansyen direktè egzekitif KEP a, Mosler Georges, ki ta reponsab tout fwod ki te genyen nan eleksyon 25 oktòb yo. Pami moun ki panse konsa yo, genyen Denis Pascalnard, reprezantan platfòm politik la nan sant tabilasyon an. Reyaksyon bò kandida PHTK a, Jovenel Moise: Li rejte apèl lòt kandida ap lanse pou mande KEP a wete li nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl la. Msye Moise di li swete komisyon evalyasyon ak verifikasyon elektoral la ap fè yon travay onèt, pwofesyonèl e san fòs kote.

Nouvèl Ayiti pou lendi 23 me 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:45 0:00
Direct link

Aktyalite Kiltirèl: Ansyen prezidan ayisyen Michel Martelly, ansanm ak gwoup mizikal li a, Sweet Micky, te patisipe nan Festival Mizik Konpa a nan Miami pandan wikenn nan kote li te pèfòme ak plizyè lòt gwoup. Misye Martelly, ki abòde sitiyasyon politik la ann Ayiti ak kòlèg nou Pierre Nazon Baulière, kwè jiska prezan peyi a toujou nan kriz kèk mwa apre li kite pouvwa a. Pou l reponn kesyon asavwa si, aprè come back mizikal li a, li kapab retounen nan politik, Misye Martelly deklare priyorite li kounyela a se karyè mizikal li ak fanmi li; li gen 5 kan vakans anvan pou l konnen kisa ki ka fèt.

Youn nan senatè Depatman Sid la, Hervé Fourcand, yon ansyen pwomotè mizik ki te prezan nan Festival Konpa Miami an, fè konnen pa tèlman gen chans pou palmantè yo ta pwolonje manda prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, pou pèmèt òganize eleksyon yo. Palmantè a di manda Misye Privert ap fini 12 jwen 2016 a minui e lap oblije kite palè a.

Anfen doktè nan lopital Sen Michel Jakmèl la, kap fè grèv depi kèk semèn deja, poze kondisyon pou yo reprann travay, tankou ogmantasyon salè ak bon jan kondisyon travay pou pèsonèl medikal la.

XS
SM
MD
LG