Accessibility links

Breaking News

Ann n Konbat Viris Zika a Ki Lakòz Ti Bebe Fèt ak Ti Tèt


Se mayengwen (moustik) ki transmèt viris Zika. Desitire yo kote nap viv.
Se mayengwen (moustik) ki transmèt viris Zika. Desitire yo kote nap viv.

Viris Zika a ap gaye rapidman atravè kèk rejyon nan lemond; men ou kapab anpeche moustik ki transmit li a mòde w. Kijan?

Pou moun kap viv nan zòn kote yo deja anrejistre kèk ka Zika pwovoke, pou moun kap vwayaje e espesyalman pou fanm ansent yo:

*Netwate kay ou ak tout sa ki alantou l pou anpeche moustik jwenn kote pou yo rete;

* Evite mete dlo nan veso; oubyen, si w fè sa, kouvri veso a byen kouvri;

* Mete griy ak moustikè nan fenèt ak pòt lakay ou;

* Mete chemiz manch long, pantalon ak chapo pou w kouvri pati nan kò w ki ekspoze;

* Sèvi ak krèm anti-moustik ke otorite lasante yo rekòmande e aplike li daprè sa k di sou etikèt la.

Pou plis enfòmasyon, vizite seksyon espesyal nou prepare sou viris Zika a nan adrès sa a: voanews.com.

XS
SM
MD
LG