Accessibility links

Breaking News

Konsekans Ralantisman Kwasans Ekonomi chinwaz la sou Ekonomi Mondyal la.


Financial Markets Wall Street
Financial Markets Wall Street

Nan peyi Lachin, pri aksyon yo sibi kèk bès an seri sou divès mache sou kontinan azyatik la; mache chinwa a, li menm pou kont pa l, anrejistre yon bès 7 vigil 6 pou san. Prensipal endis mache labous Shanghai la anrejistre yon bès a-pik nan kòmansman tranzaksyon yo; sepandan li pat pran tan pou l rebondi epi anrejistre yon wòs yon pwen pou l fini ak yon bès sèlman 4 pou san.

Pandan pri aksyon yo te kontinye desann lòt kote sou kontinan an, mache yo o Japon ak Honk Kong ki te kòmanse reprann yo, fini pa bese ankò pou oblije envestisè yo kouri likide kèk nan aksyon yo. Pandansetan, nan La Grand Bretay, Lalmay ak Lafrans, endis yo anrejistre yon wòs 2 pou san nan kòmansman jounen madi a.

Nan jounen lendi 24 out 2015 la, pri anpil komodite te bese; pa egzanp, pri petwòl bri a te sibi yon bès plis ke 4 pou san pou l rive nan nivo ki pi ba a nan plas pase 6 zan.

Nan New York, yon espesyalis nan vant ak acha aksyon, Ben Willis, fè konnen mache yo montre yon mank transparans nan done ekonomik yo pou sa ki konsènen Lachin:

« Nou te panse ekonomi chinwaz la tap anrejistre yon kwasans 7 pou san. Men, an reyalite, kwasans la se sèlman mwatye chif sa a. Lè w gen yon rediksyon 50 pou san nan kwasans la, sa vle di ou oblije refikse pri yo ; e se sa menm nou wè kap pase sou machedlabous yo e sou mache komodite yo. »

Daprè Misye Wilis, koreksyon ki nesesè nan sitiyasyon sa a kapab bay envestisè yo gwo kè-sote; sepandan sa reprezante yon bon jan chanjman pou ekonomi an, paske sa ka sèvi pou evite enflasyon sou machedlabous yo.

XS
SM
MD
LG