Accessibility links

Breaking News

Pou Ki Rezon Konpayi Avyon Nasyonal Kore di Sid la Kapab Tonbe anba Kontravansyon?


Miss Cho Hyun-ah (Heather), ansyen direktris operasyon kabin Korea Air, rive nan Depatman Sekirite Nasyonal, Enfrastrikti akTranspò, pou otorite yo poze l kesyon. (Sewoul, Kore di Sid, 12 desanm 2014).
Miss Cho Hyun-ah (Heather), ansyen direktris operasyon kabin Korea Air, rive nan Depatman Sekirite Nasyonal, Enfrastrikti akTranspò, pou otorite yo poze l kesyon. (Sewoul, Kore di Sid, 12 desanm 2014).

Konpayi avyon nasyonal peyi Kore di Sid la, Korean Air, byen kapab fè fas ak kontravansyon mete sou yon sispansyon vòl aprè yon direktris vòl konpayi an te pase lòd pou yo ratade depa yon avyon, paske manmzèl pat kontan deske yo te sèvi li yon pistach yon fason li pat renmen nan manje yo te ba li abò a; daprè li, sèvis la te manke pwotokòl.

Depatman Transpò sid-koreyen an –ki tap reyaji sou dosye a madi 16 desanm 2014 la-- fè konnen lap pase an revi seri pinisyon ki posib nan ka sa a kont konpayi a ki, daprè otorite yo nan Depatman an, vyole lwa sou aviyasyon. Direktè jeneral depatman an, Lee Kwang-hee, fè konnen otorite yo refere direktris vòl avyon an, ki rele Heather Cho, devan lajistis pou l reponn kesyon sou ensidan an ki te rive nan dat 5 desanm pase a. Misye Lee declare:

« Nou jwenn konfimasyon Miss Cho te leve vwa l byen fò e li te sèvi ak pawòl piman bouk kont otès de lè ki te sèvi l pistach la. Manm ekipaj ak pasaje ki te nan 2èm etaj avyon an rann temwayaj pou yo di se laverite. »

Depatman Transpò sid-koreyen an fè konnen konpayi avyon an kapab fè fas ak yon sispansyon vòl ki ka dire tout yon mwa, plis yon kontravansyon ki ka monte rive 2 milyon dola. Nouvèl la di sa k fè direktis Cho te fache a, se paske otès de lè a te ba l pistach la nan yon ti sachè, olye li te mete li nan yon pla, jan yo abitye fè sa pou li. Lè sa a, li pase lòd pou yo retounen ak avyon an nan pòt-debakman an epi li fè mete chèf ekip otès de lè yo deyò.

Anpil sitwayen sid-koreyen pale pou di kijan yo pa kontan ak jès Madmwazèl Cho ki se pitit-fi direktè jeneral konpayi avyon an. Responsab yo deside revoke manmzèl nan tout pozisyon li te okipe yo; e, weekend pase a, se ak dlo nan je li te prezante ekskiz li .

XS
SM
MD
LG