Accessibility links

Breaking News

Ayiti Adopte Yon Plan Rejyonal pou Lit Kont Epidemi Ebola a


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, retounen Pòtoprens apre li te ale La Avàn, Kiba, kote li te dirije yon delegasyon wo nivo ki t al patisipe nan yon somè chèf deta ak chèf gouvènman Amerik Latin nan ak Karayib la sou fason pou yo konbat epidemi ebola a si jamè li ta antre nan rejyon an.

Nan deklarasyon Misye Martelly fè pou laprès aprè retou li ann Ayiti, li pale de enpòtans yon kanpay enfòmasyon pou popilasyon an konprann danje maladi a poze ak fason pou sitwayen ayisyen yo pwoteje tèt yo.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 22 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:10 0:00
Direct link

Minis Sante Piblik la, Florence Duperval Guillaume, ki te fè pati delegasyon ki te ale Kiba a, di patisipan yo adopte yon plan global ki gen 23 pwen pou lite kont epidemi an. Daprè sa Doktè Guillaume fè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la konnen, ministè lap dirije a deja kòmanse yon seri atelye travay ak pwofesyonèl ki nan premye liy defans byennèt piblik la pou idantifye moun ki ta montre yo gen sentòm maladi a. Anplwaye sèvis imigrasyon ak ladwann yo se premye gwoup fonksyonè piblik kap swiv seminè sou maladi a.

Yon lòt kote, toujou nan kad dispozisyon otorite ayisyen yo pran pou yo anpeche maladi ebola a antre nan peyi a, yon kominike Ministè Sante Piblik fè parèt fè konnen responsab ayisyen yo entèdi tout moun ki sòti nan Liberya, Gine ak Sierra Leyòn --peyi afrik de lwès ki pi afekte yo-- antre ann Ayiti an pandan yon peryòd 28 jou aprè yon sant medikal rekoni te remèt yo yon sètifika ki di yo pa gen maladi a (tan minimòm ki nesesè pou yon moun ki trape viris ebola a montre sentòm maladi a se 21 jou).

Anfen, yon nòt ki soti nan Biwo Afè Piblik Anbasad Ameriken nan Pòtoprens bay plis detay sou pwogram eksepsyon pou konsolidasyon fanmi ayisyen an (HFRP) avèk repons pou kesyon moun plis ap poze yo.

XS
SM
MD
LG