Accessibility links

Breaking News

Ayiti Make Jounen Entènasyonal Fanm Riral yo


Haiti Senbòl
Haiti Senbòl

Prezidan Michel Martelly ak minis Zafè Fanm ak Dwa Fanm yo, Yanick Mezile, ak kèk lòt manm gouvènman an patisipe nan yon seremoni ki make, nan dat 15 oktòb 2014 la, "Jounen Entènasyonal Fanm Riral yo. Tèm entènasyonal ane 2014 la sete: "Automisation des filles: Briser le Cycle de la Violence." Tèm responsab ayisyen yo te chwazi sete: " Ann Bay Fanm Riral yo Plis Jarèt."

Ministè a, ki make jounen an nan vil Jeremie, wete chapo devan kouraj fanm kap viv nan zòn riral yo ak yon atansyon espesyal sou kontribisyon yo nan ekonomi peyi a.

Nouvèl Ayiti - jedi 16 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:15:30 0:00
Direct link

Prezidan Michel Martelly, ki te pran lapawòl nan sikonstans la devan yon foul ki te sòti nan plizyè seksyon kominal nan Depatman Grand Ans la, fè konpliman pou sa li rele "wòl enpòtan" medam yo jwe nan fwaye yo. Chèf deta a pwomèt gouvènman an pral kontinye akonpaye fanm ayisyèn kap viv nan zòn riral yo nan lit yap mennen pou yo gen plis fasilite pou yo jwenn lajan prete labank. Yon lòt kote, Misye Martelly di peyi d Ayiti pa kapab fè bon jan konkirans entènasyonal si lòt peyi pa respekte prensip yo. Anfen li di, pou peyi a gen devlopman ekonomik, li bezwen estabilite.

Lòt nouvèl konsènan Ayiti:

Sekretè Jeneral Òganizasyon Pèp kap Lite(OPL), Sauveur Pierre-Etienne, rekonèt prezans twoup Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) nesesè akoz enstabilite politik. Lidè OPL la mande aktè politik yo mete tèt yo ansanm pou yo redwi a 0 efektif solda òganizasyon entènasyonal la. Misye Pierre-Etienne pale konsa nan jounen mèkredi 15 oktòb 2014 la, swa yon jou apre Konsèy Sekirite Nasyonzini an te apwouve yon resolizyon ki pwolonje pou 12 mwa manda MINUSTAH ki nan peyi a depi 2004. An palan de MINUSTAH, chèf diplomasi ayisyèn nan, Duly Brutus, fè konnen sòlda nasyonzini yo kapab rete nan peyi a jous apre enstalasyon yon nouvo prezidan an 2016.

Yon lòt kote, Prezidan Michel Martelly dekore anbasadè ajanten an ann Ayiti, Marcello Sebaste, ki rive nan fen misyon li apre li fin pase 3 zan kòm chèf misyon diplomatik peyi Amerik di Sid la nan Pòtoprens.

Minis Afè etranjè ayisyen an, Duly Brutus di Ayiti, Kiba ak Repiblik Dominikèn, mete ansanm, gen yon popilasyon 30 milyon abitan -sa ki fè yo reprezante yon gwo mache ekonomik pou rejyon Karayib la. Daprè chèf diplomasi ayisyèn nan, pami 3 peyi sa yo, se Ayiti sèl ki an reta nan domèn tankou, pa egzanp, enfrastrikti ak edikasyon. Misye Brutus di gouvènman an ap travay ak plizyè peyi, tankou Meksik ak Lachin, pou pèmèt sitwayen ayisyen yo jwenn bous detid kap ba yo preparasyon ki nesesè pou Ayiti benefisye avantaj ekonomik rejyon ofri.

Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, patisipe nan yon reyinyon ak 2 minis --Marie Florence Duperval, sante piblik, epi Nesmy Manigat, edikasyon nasyonal-- sou yon plan repons si maladi ebola a ta antre nan peyi a. Vrèmanvre, daprè yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo kominikasyon premati a, gouvènman an mete an plas yon plan pou pèmèt pwofesyonèl lasante yo fè fas ak yon sitiyasyon kote maladi ebola ta parèt nan peyi a epi limite o-maksimòm kantite viktim yo.

Selon desizyon responsab yo pran, pasaje k ap antre nan peyi a gen pou reponn yon seri kesyon e di si wi ou non yo gen sentòm maladi a. Gouvènman an prevwa yon zòn nan ayewopò entènasyonal Pòtoprens la pou resevwa vwayajè yo ta sispèk ki gen sentòm ebola a. Nan Baz MINUSTAH a –ki tou prè ayewopò a-- responsab yo gen yon sant izolman pou resevwa vwayajè ki ta enfekte tou.

Otorite lasante yo fè konnen yap mete ann aplikasyon pwotokòl reglemantasyon sanitè entènasyonal yo. Pandansetan gouvènman an mande popilasyon an pou l gade kalm li. Jiskaprezan yo poko idantifye okenn ka maladi ebola ann Ayiti.

Anfen, nan vil Marigot, ki tou prè Jakmèl, otorite yo mande asistans popilasyon an pou ede yo idantifye manm yon gang k ap komèt asasina epi ale ak yon pati nan kò viktim yo. Depi 2012, ane kote zak sa yo te kòmanse, 11 moun pou pipiti mouri nan kondisyon sa a. Selon otorite polisye yo, yon ankèt sou pye pou mete men sou asasen yo epi trennen yo devan lajistis.

XS
SM
MD
LG