Accessibility links

Breaking News

Jij Lamarre Bélizaire Lanse yon Manda Darè kont Jean-Bertrand Aristide


Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide(Foto achiv)
Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide(Foto achiv)

Ayiti: Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide pat prezante nan tribinal mèkredi 13 out la pou l reponn kesyon jij Lamarre Belizaire k ap ankete sou dosye koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg pandan li t ap dirije peyi a ant 2001 a 2004. Jij la lanse yon manda darè kont msye Aristide pou l vinn fè limyè sou akizasyon sa yo.

Msye Aristide ak mèt Mario Joseph youn nan avoka l yo fè laprès konnen yo resevwa okenn manda ki mande konparisyon lidè pati fanmi Lavalas la. Patizan pati a konsidere kòm yon pèsekisyon politik komisè a ap fèt kont lidè Fanmi Lavalas nan moman pati a ap travay pou patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Mèt Mario Joseph, ki akize jounalis Joseph Guilaire C Delva, kòm jounalis k ap piblye fo enfòmasyon, di li ekri jij la pou mande plis eklèsisman sou manda a.

Bò kote pa l Guilaire C Delva fè konnen enfòmasyon li pibliye a soti nan bòn sous e ke li gen dokiman pou pwouve manda darè jij Belizaire lanse kont msye Aristide se verite.

Romual Grand Pierre, uisye ki te pote manda konparisyon nan rezidans msye Aristide nan Tabarre di yon mesye te fè l konnen se sèl Jean Bertrand Aristide ki gen dwa otorize l louvri baryè a pou yon moun pote yon manda ba li. Msye Grand Pierre di li te enfòme avoka msye Arisited la, mèt Mario Joseph, de sitiyasyon an. Apre plis pase 5 minit msye Grand Pierre pase ap tann avoka a, li te renmèt dokiman bay yon moun ki t ap antre nan rezidans msye Aristide la.

Patizan pati fanmi Lavalas, ki te manifeste devan Pakè tribinal mèkredi 13 out la, mobilize devan rezidans msye Aristide la jedi 14 out pou sipòte l nan sa yo konsidere pèsekisyon politik l ap sibi.

Enfen, Premye Minis Laurent Lamothe klotire 6èm reyinyon entè ameriken sou kilti ki te dewoule nan Petionvil soti 12 pou rive 13 Out nan Caribe Convention Center. Objektif rankont sa a se ankouraje dyalòg politik ak konsansis sou kontinan ameriken an nan domèn kiltirèl.

Rankont sa a dewoule an preparasyon ak somè Òganizasyon Eta Ameriken yo gen pou fè ann Ayiti an 2015.

Klike sou "koute" anba atik sa a pou n tande detay nouvèl sa yo ak jounalis Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG