Accessibility links

Breaking News

Randevou Istorik nan Lespas: Navèt Rosseta Rankontre ak Komèt 67P.


Navèt espasyal Rosetta poze sou Komèt 67P/Churymov-Gerasimenko nan jounen mèkredi 6 out 2014 la.
Navèt espasyal Rosetta poze sou Komèt 67P/Churymov-Gerasimenko nan jounen mèkredi 6 out 2014 la.

Yon navèt espasyal ki tap vwayaje nan sistèm solè a depi 10 zan deja, rankontre avèk yon komèt pou yon rande-vou istorik mèkredi 6 out 2014 la. An fèt, komèt la se destinasyon final aparèy la. Non komèt la se Komèt 67P/Churymov-Gerasimenko (an abreje « Komèt 67P ») e non navèt la –ki se yon fabrikasyon ajans espasyal ewopeyen an - se Rosetta.

Mo Rosetta sa a sòti nan non wòch ki te pèmèt savan fransè Champollion dekouvri sekrè yewoglif ejipsyen yo. Navèt la te koute yon milya 700 milyon dola pou konstwi e li tounen premye aparèy lòm konstwi ki ateri sou yon komèt; li pral bay savan yo plis enfòmasyon sou kreyasyon sistèm solè a. Direktè pwogram Rosetta a, alman Stephen Youlamec, di se yon « grande première » nan domèn syantifik la.

« Defi ki poze pou nou, sè ke nou pa konnen anyen sou komèt la. Nou te konnen mwens bagay sou li toujou lè nou tap bati navèt espasyal la. Nou pat konnen kijan sifas komèt la te ye, si li soup oubyen solid e di tankou glas. Nou konnen konbyen tan yon jounen ak yon nuit dire sou komèt la; men, jiska tou resaman nou pat menm konnen ak kisa komèt la sanble, ki fòm ni ki dimansyon li genyen. Se yon gwo diferans ak misyon kote nou te voye yon aparèy sou lalin ak sou Planèt Mars, paske nou te deja gen enfòmasyon sou sifas kote aparèy la ta pral ateri a. »

Navèt la antre ann òbit nan mitan jounen mèkredi a sou yon distans 100 kilomèt ak komèt la e plis pase 400 milyon kilomèt ak latè. Pi gwo reyalizasyon misyon sa a pral rive nan mwa novanm pwochen lè navèt la va pwojte yon ti sond espasyal ki pral ateri sou komèt la. Se premye fwa yon navèt espasyal va akonpli yon eksplwa konsa. Savan yo kwè komèt yo kapab bay enfòmasyon sou orijin lavi sou latè, yo ka pote dlo ak lòt eleman ki esansyèl pou lavi lè yo pwoche bò planèt tè a.

XS
SM
MD
LG