Accessibility links

Breaking News

Ayiti / Politik:Rankont ant Prezidan Michel Martelly ak Lidè Sena a, Dieuseul Simon Desra.



Nan yon rankont ak laprès ki dewoule lendi 2 jwen 2014 la, prezidan sena ayisyen an, Dieuseul Simon Desra, anonse li pral rankontre ak prezidan Michel Martelly nan jounen madi 3 jwen an. Msye Desra, ki di l ap gen avè l yon delegasyon palmantè plizyè tandans, fè konnen divès kesyon pral soulve nan rankont sa a ; sepandan obsèvatè yo prevwa pwosesis elektoral se va prensipal tèm rankont la.

Anpil lidè nan opozisyon an fè konnen yo poko resevwa kopi pwojè kalandriye elektoral KEP a p renmèt pati politik yo, dapre sa enstitisyon elektoral la fè konnen.
Rosemond Pradel, yon ansyen sekretè jeneral KEP e lidè pati politik Fizyon Sosyo Demokrat, pataje preokipasyon kòlèg li nan opozisyon an. Sepandan msye Pradel di KEP a gen tan toujou pou li tabli kredibilite li e ankouraje tout pati pou yo patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Nan rapò Polis Nasyonal dAyiti (PNH) pibliye 2 fwa pa mwa sou aksyon otorite yo pou yo konbat ensekirite, PNH prezante, nan jounen lendi 2 jwen 2014 la, bilan aktivite enstitisyon an fè pou 2èm pati mwa me a. Se konsa, soti 19 pou rive 31 me 2014 la, otorite yo sezi 5 machin, 4 zam afe, 13 telefòn pòtab, plis pase 1 kilogram marijuana, yo arete 13 sispèk epi yo depote 1 sitwayen franse lajistis t ap chache nan peyi l.

Yon lòt kote, pòt pawòl PNH la, Garry Desrosiers, anonse otorite ouvè yon ankèt sou akizasyon kòm kwa yon ajan APN, ki t ap asire prizon Akayè a, ta bouskile senatè MoiseJean Charles pandan palmantè a te nan tèt yon delegasyon ki ta pral vizite pòt pawòl FOPARK, Rosny Timothé, ki fèmen nan prizon depi anviwon 2 semèn.

Anfen, gouvènman ayisyen an envite mèt pwopriyeté pwosesis rekonstriksyon afekte nan kapital la, pote dokiman yo nan kontribisyon pou leta kapab bay yo konpansasyon.

Klike sou « koute » pouswiv devlopman nouvèl sa yo. Prezantasyon Marie Luce Pierre ak Jacquelin Bélizaire.
XS
SM
MD
LG