Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Majistra North Miami an, Lucie Tondreau, an Libète sou Kosyon


Madam Jistis
Madam Jistis
Gouvènè Eta Florid la, Rick Scott, deside mete majistra North Miami an, amerikèn d’orijin ayisyèn Lucie Tondreau, an sispansyon ann atandan lajistis fè limyè sou akizasyon deske li ta mele nan magouy ki koute Leta ameriken anviwon 8 milyon dola. Toutotan otorite yo poko di yon dènye mo sou afè sa a, majistra a pa kapab patisipe nan okenn aktivite ki gen rapò ak fonksyonnman mèri a.

Vrèmanvre, Madam Tondreau ak twa (3) lòt moun twouve yo anba envestigasyon FBI pou sa yo rele “fwod imobilye”, sètadi magouy yo ta fè pou ede moun achte ou vann kay alòs ke achtè yo pa kalifye pou sa. Aksyon ilegal sa yo ta lakoz bank yo, Leta Florid ak gouvènman federal Lèzetazini an pèdi plizyè milyon dola. Nan jounen lendi a, ajan FBI te ale lakay majistra a nan kad ankèt la; men Madam Tondreau te nan vil Las Vegas, nan Eta Nevada, kote li tap asiste yon konvansyon; lè li te retounen nan aswè, li te rann tèt li bay otorite yo.

Majistra Tondreau te konparèt devan yon tribinal nan jounen madi 20 me 2014 la, e jij la ba li libète aprè li te peye yon kosyon 50 mil dola. Si lajistis jwenn li menm ak 3 lòt akize yo koupab, yap kondane pou yo, antwòt, remèt tout lajan yo te fè nan « operasyon majinal yo » epi yap resevwa yon santans maksimòm 20 tan prizon.

Nap raple daprè lalwa amerikèn yon akize rete inonsan jiskaske lajistis fin pa pwouve li koupab.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj Pierre-Nazon Beaulière.
XS
SM
MD
LG