Accessibility links

Breaking News

Konferans Episkopal la ap Eseye Debloke Kriz Elektoral la


Ann Ayiti Prezidan Konferans Episkopal la, Kadinal Chibly Langlois, kontinye fè chita-tande avèk palmantè yo pou ede yo debloke pwosesis electoral la. Pòtpawòl medyatris la, Monseyè Patrick Aris, di Lavwadlamerik prezidan 2 chanm yo ak prezidan blòk palmantè yo ap chache yon konpwomi sou reprezantasyon pouvwa lejislatif la nan Konsèy Elektoral Pwovizwa-a. Konferans episkopal la ak mennen demach sa yo aprè manm konsèy elektoral pwovizwa a fèk fòme yon biwo avèk reprezantan pouvwa egzekitif la, Frizto Canton, kòm prezidan -Misye Canton ranplase Emmanuel Ménard.

Yon lòt kote, analis politik yo genyen opinyon diferan sou apèl Sosyete Sivil la lanse pou l mande kreyasyon yon lòt konsèy elektoral. Si espesyalis nan kesyon jiridik, Edouard Camille, pataje pozisyon Sosyete Sivil la pran nan yon nòt ki fèk parèt –kote siyatè yo mande, antwòt, yon KEP ki pi endepandan pa rapò ak pouvwa egzekitif la- pwofesè dwa Gracien Jean, li menm, di li pa wè rezondèt yon apèl konsa, puiske reprezantan pouvwa egzekitif la se yon minorite nan konsèy elektoral ki fèk fòme a.

Premye Minis Laurent Lamothe enstale, nan jounen lendi 19 me 2014 la, Félito Doran kòm nouvo minis an chaj relasyonant Primati a avèk palman an. Misye Doran ranplase Ralph Théano.

Anfen, nouvèl ki sòti Miami fè konnen majistra vil North Miami an, Lucie Tondreau (ki gen orijin ayisyèn) rann tèt li bay otorite yo nan moman lajistis amerikèn ap mennen ankèt sou li pou swadizan wòl li ta jwe nan magouy ki te fèt nan kèk tranzaksyon imobilye. Daprè kèk sous, anvan Madam Tondreau te monte nan tèt mèri North Miami an, li te manm yon gwoup pwofesyonèl ki ede moun vann e achte kay e sanble kèk nan afè gwoup la te fè yo pat respekte règleman legal yo. Nan jounen lendi 19 me 2014 la, ajan FBI (swa Biwo Ankèt Federal Lèzetazini an) te ale lakay majistra a, men li te Las Vegas kote li tap patisipe nan yon konferans. Lè Madam Tondreau retounen nan Florid nan sware jounen an, li te rann tèt li bay lajistis akonpaye ak avoka li ; li konparèt davan yon tribinal madi 20 me a vè 1 nè nan apremidi. Lvwadlamerik kontakte yon ofisyèl mèri a ki fè konnen, pandan Lucie Tondreau mete li a la dispozisyon lajistis, operasyon mèri a ap kontinye dewoule nòmalman.

Klike sou « koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Marie-Luce Pierre, Serge Rodriguez, Jean-Pierre Leroy epi Pierre Nazon Beaulière.
XS
SM
MD
LG