Accessibility links

Breaking News

Eske Finalman yo Prèt pou Jwenn Tras yon Avyon Malezyen ki Disparèt depi Apeprè yon Mwa?


Yon avyon E-7A Wedgetail, ki fè pati fòs ayeryèn wayal Ostrali a, ap pran vòl nan ayewopò vil Perth la pou l al patisipe nan rechèch kap fèt pou jwenn avyon konpayi Malaysia Airlines ki disparèt la (Ostrali, 5 april 2014).
Yon avyon E-7A Wedgetail, ki fè pati fòs ayeryèn wayal Ostrali a, ap pran vòl nan ayewopò vil Perth la pou l al patisipe nan rechèch kap fèt pou jwenn avyon konpayi Malaysia Airlines ki disparèt la (Ostrali, 5 april 2014).
Nouvèl ki sòti ann Ostrali fè konnen otorite yo anonse bato detekte nouvo siyal ki sanble ta sòti nan bwat nwa yon avyon pasaje malezyen ki disparèt sa gen preske yon mwa. Responsab an chèf operasyon rechèch yo, Angus Houston –yon ofisye aviyasyon militè retrete ki tap pale ak laprès lendi 7 avril 2014l a- deklare twouvay ki fèt nan rechèch yo pandan 2 zou 3 jou ki pase yo, reprezante endis ki pi ankourajan jiskaprezan pou jwenn Boeing 777 la ki sanble te tonbe nan Oseyan Endyen an, pa lwen ak kòt Ostrali. Misye Houston di :

“Li enpòtan pou n di siyal sa yo sanble ak 2 tip siyal: sila yo ki konn sòti nan bwata nwa yon avyon, epi siyal ki konn soti nan aparèy ki anrejstre konvèsasyon kap dewoule nan kabin pilòt la. San di pètèt, sa se nouvèl ki pi ankourajan nou genyen jiskaprezan.”

Aparèy ki kapte siyal sa yo se yon ekipman detektè lamarin de gè Lèzetazini ke yon estimè ostalyen ap remòke. Pandansetan, yon bavo fòs naval la Grand Bretay pran direksyon anplasman kote yon bato de gè chinwa, Haixun 01, te detekte kèk siyal menm jan vandredi ak samdi pase ; anplasman kote siyal sa yo tap soti yo te gen yon distans 2 kilomèt ki te separe yo. Kòmandan fòs naval Ostrali a, Peter Leavy, fè konnen chèchè yo espere sèvi ak ekipman sofistike pou yo eksplore fon oseyan an,si yo detekte plis siyal toujou. Misye Leavy deklare:

“Si yo rive detekte yon lòt son ankò gras ak aparèy detektè bato nou an ap remòke yo, nou pral lanse yon machin otomatik ki ka travay anba lanmè poukont li, ki gen rada ladan n --e pètèt tou, li gen kamera kap fè foto zòn nan e ki ka pèmèt nou wè sa k genyen anba fon lanmè a.”

Aparèy malezyen an (yon avyon konpayi Malaysia Airlines ki te gen 239 moun abò li) te disparèt nan dat 8 mas 2014 la pandan li tap kouvri sikui Kwala Lumpur-Peken.
XS
SM
MD
LG