Accessibility links

Breaking News

Evolisyon nan Disparisyon yon Avyon Malezyen / Nouvo Espwa ou Fòs Alèt ?


Paran yon pasaje chinwa ki te abò djèt konpayi Malaysia Airlines ki disparèt depi samdi 8 mas 2014 la. Lap kriye pandan li kenbe yon drapo an fas jounalis yo, avèk enskripsyon: 'Nou denonse gouvènman malezyen an poutèt li kache laverite e li bloke operasyon sekou yo."
Paran yon pasaje chinwa ki te abò djèt konpayi Malaysia Airlines ki disparèt depi samdi 8 mas 2014 la. Lap kriye pandan li kenbe yon drapo an fas jounalis yo, avèk enskripsyon: 'Nou denonse gouvènman malezyen an poutèt li kache laverite e li bloke operasyon sekou yo."
Avyon Ostrali ak ekipman e sekouris lòt peyi sou wout pou yo ale nan yon rejyon nan Oseyan Endyen an kote satelit ostralyen dekouvri kèk debri ki, daprè sa espesyalis yo panse, ta sòti nan yon avyon malezyen ki disparèt depi yon semèn edmi.

Premye minis ostralyen an, Tony Abbott, ki tap abòde dosye a nan yon mesaj li mete devan palman an byen bone nan jounen jedi a, fè konnen imaj satelit yo voye montre 2 objè ki petèt ta sòti nan aparèy malezyen an, yon Boeing 777 ki te disparèt nan dat samdi 8 mas pase a avèk 239 moun abò li. Chèf gouvènman ostralyen an di :

“Biwo Ostralyen pou Sekirite Maritim nan resevwa enfòmasyon ki baze sou imaj satelit voye e ki montre kèk objè ki petèt kapab ede nou nan rechèch yo. Aprè espesyalis yo fin analize imaj sa yo, yo idantifye 2 nan objè yo kòm bagay ki ta sòti nan avyon an.”

Premye Minis Abbott lanse avètisman pou l di pinga moun prese di avèk sètitid ke 2 objè yo sòti vrèman nan Boeing malezyen an. Youn nan rezon li ba pou avètisman sa a, se le fèt ke li pral trè difisil pou yo jwenn ki kote 2 bagay sa yo ye egzatteman.

Espesyalis yo, yo menm tou, mande moun pran prekosyon ak nouvo devlopman sa a; yo raple ke sa te pran preske 2 zan pou responsab yo te lokalize bwat-nwa yon avyon fransè ki te tonbe nan Oseyan Atlantik la nan kòmansman mwa d jen 2009, aprè li te kite Brezil pou l ale nan vil Pari, an Frans.

Dènye nouvèl yo fè konnen avyon rechèch yo deja rive nan pati sid Oseyan Endyen an, swa nan asplasman kote espesyalis yo sispèk yo ka jwenn bagay yo panse ki sòti nan boeing nan. Sepandan, move tan deranje operasyon rechèch yo akoz movèz visibilite ; operasyon an kouvri yon sifas anviwon 23 mil kilomèt kare, sou yon distans 2 mil 500 kilomèt ak vil Perth, nan peyi Ostrali.

Aprè anpil efò ki pa bay okenn rezilta, kòmandan aviyasyon militè Ostralyen an, John McGarry, di li panse finalman bagay satelit yo dekouvri yo, kapab pèmèt chèchè yo pote repons kesyon kap mande depi 13 jou deja : Ki kote avyon malezyen an pase ?
XS
SM
MD
LG