Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Pale ak Laprès Anvan Somè Dèzamerik la


Prezidan Barack Obama
Prezidan Barack Obama
Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè yon rankont ak laprès latino-amerikèn kèk èdtan sèlman anvan li kite Washington vanvredi 13 avril 2012 la pou l vini patisipe nan 6èm Somè Dèzamerk la isit Katajèn. Laprès nan Kolonbi rezime deklarasyon lidè ameriken an nan yon gran tit –e nap site:

<<Kolonbi montre siksè se yon bagay ki posib.>>

Si nan fouye je n pi fon nan sa n ta kapab rele <<deklarasyon d'avan somè>> Presidan Obama yo, nou kapab di li touche anpil tèm ki gen rapò ak aktyalite a jounen jodi a nan relasyon Lezetazini ak Amerik Latin nan, sitou ak peyi òganizatè somè a, an palan de Kolonbi. Misye Obama abòde tèm tankou:
-Komès Lib ant Lèzetazini avèk Kolonbi;
-Konkou Washington bay peyi sa a nan lit kont teworism ak ensekirite;
-Lit kont trafik dwòg -sitou se yon tèm ki sou ajanda kèk lidè nan rejyon an nan moman kote yon gwo kouran lide ta vle pou gouvènman yo legalize trafik dwòg la (se sa
kèk patisipan rele <<dekriminalizasyon trafik dwòg la>>;
-Pozisyon Administrasyon Obama a sou sitiyasyon an nan Venezuela ak Kiba.

Pou sa k gen rapò ak Kolonbi, Misye Obama fè konpliman pou dirijan peyi sa a poutèt chanjman pózitf yo rive póte nan vi pèp la, epi li repete angajamn administrasyon n nan pran pou l kontinye kowopere avèk gouvènman Prezidan Juan Manuel Santos la nan domèn komès avèk sekirite.

Nan ka Kiba ki, malgre absans li yon fwa ankò, okipe yon gwo plas sou ajanda somè a, lidè ameriken an di si La Avàn pap genyen reprezantan nan Katajèn nan 2 jou k ap vini la yo, se paske – nap site: <<Lidè kiben yo derefize pran dispozisyon ki nesesè pou sa.>> fen sitasyon, Epi Misye Obama lanse avètisman pou l di pa genyen okenn rejim otoritè, okenn gouvènnman diktatoryal kap egziste pou tout tan.

Dosye Venezuela: Prezidan Obama di Lèzetazini espere otorite yo nan Caracas pral respekte volonte pèp la va eksprime nan eleksyon prezidansyèl ki gen pou dewoule nan mwa doktòb 2012 la. Li ajoute Washington gen gwo preokipasyon lè l konnen nan anpil peyi -san l pa site ki peyi sa ye- responsab yo pa respekte kèk dwa endividyèl tankou libète lapawòl ak libète politik.

Nap raple Prezidan Barack Obama ap pase 2 nuit nan Katajèn (vandredi ak samdi) e lap retounen Washington nan kòmansman apremidi jounen dimanch 15 avril 2012 la, jou kote 6èm Somè Dèzamerik la pral pran fen, e apre yon rankont an tèt-a-tèt avèk Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos.

J. Lyonel Desmarattes
Anvwaye Espesyal VOANouvèl
Katajèn, Kolonbi
XS
SM
MD
LG