Accessibility links

Breaking News

Dènye Mesaj Pap Benwa 16 Anvan li Kite Vitikan Definitivman


Pap Benwa 16 fè dènye patèt li an piblik mèkedi 27 fevriye 2013 la devan plis pase 50 mil fidèl ki te reyini sou Plas Sen Pyè a, nan vil Wòm, anvan li remèt demisyon n epi pran retrèt li jedi 28 fevriye a.

Souvren Pontif la dirije divès priyè nan kòmansman mèkredi a e li rankontre ak yon bann ak yon pakèt fidèl e patizan pou yon dènye fwa. Yon afè de 50 mil moun te jwenn tikè pou yo te kapab prezan nan seremoni sa yo; men otorite yo fè konnen plis moun toujou jwenn mwayen asiste moman istorik sa a.

Nan mesaj Pap la mete devan foul la, li pale pou l di, malgre tout latwoublay ak move moman Legliz konnen sou pontifika li a, Bondye pap kite enstitisyon an koule. Li ensiste pou l di li byen konnen desizyon li pran an etone anpil moun e se menm yon desizyon grav; men li bay fidèl yo asirans se yon desizyon li pran aprè anpil refleksyon e an tout serenite. Souvren Pontif la ajoute li genyen anpil konfyans nan avni Legliz Katolik Womèn nan.

Nouvèl la di pap la fè lekti yon mesaj ki te prepare an italyen sou kèk fèy papye. Detanzantan foul la te entèwonp li avèk aplodisman. Anvan sa, Souvren Pontif la te fè yon tounen sou Plas Sen Pyè a nan yon papa-mobil; li te voye men bay fidèl yo e li te kanpe machin nan plizyè fwa pou l te beni yon bebe moun yo te pase ba li de tanzantan.

Odyans pap la bay nan Vatikan an se yon bagay ki rive chak semèn; men fwa sa a, evennman te atire plis atansyon ke nòmal, paske se dènye fwa Benwa 16 tap parèt an piblik kòm Chèf Legliz Katorik la.
XS
SM
MD
LG