Accessibility links

Breaking News

Argo ranpòte Pri Meyè Imaj la nan Remiz Pri Oscar yo Dimanch nan Hollywood.


Sineyas e pwodiktè Ben Affleck aksepte pri meyè imaj pou "Argo" nan 85èm seremoni remis pri Academy Awards nan Hollywood, Kalifòni, 24 fevriye 2013 la.
Sineyas e pwodiktè Ben Affleck aksepte pri meyè imaj pou "Argo" nan 85èm seremoni remis pri Academy Awards nan Hollywood, Kalifòni, 24 fevriye 2013 la.
Nan Hollywood, Los Angeles, dimanch swa sete dewoulman seremoni remiz Pri Oscar yo –swa pri pou film ki sòti nan endistri sinema ameriken an ak sinema mondyal la pandan 12 mwa ki pase yo.Sete 85èm edisyon remiz pri sa yo ki rele Academy Awards.

Youn nan gwo sipriz sware a, se pa chwa meyè aktè ane a, Daniel Day-Lewis pou wòl li nan film Lincoln; se pa chwa meyè aktris ane a, ki ale jwenn Jennifer Lawrence pou wòl manmzèl nan film Silver Linings Playbook; men sete yon moman nan pwogram nan kote Premyè Dam amerikèn nan, Michelle Obama, te parèt depi la Mezon Blanch pou l anonse film ki ranpòte Pri Meyè Imaj ane a.

“Kounyela a, se moman nou tout tap tann nan: E Oscar la ale jwenn: Argo”.

Se konsa Madan Obama te anonse gayan pri ki al jwenn film espesyalis yo konsidere kòm pi bon pami pi bon yo pou kategori imaj la. Se yon doub sipriz, puiske majorite obsèvatè yo --e menm moun ki abitye ak koulis Hollywood yo-- te panse distenksyon sa a ta pral jwenn pito Lincoln, film sineas veteran Steven Spielsberg, ki rann omaj pou 16èm Prezidan Lèzetazini an, Abraham Lincoln. Men omaj la ale jwenn pito Argo, yon film ki gen kòm sineyas/reyalizatè Ben Affleck, yon nouvo veni preske sou plato direktè sinema yo nan Hollywood.

Argo prezante yon trajedi politik ki pase nan istwa relasyon entènasyonal modèn Lèzetazini sou non « Kriz Iranyèn nan », swa istwa kèk diplomat ameriken ki te nan Teheran, kapital Iran, an 1979, ane kote revolisyon islamik iranyèn nan te kòmanse. Jèn militan revolisyonè iranyen yo te pran diplomat sa yo an otaj pandan plis pase yon lane. Men, yon ekip ajan CIA te lanse yon misyon kote yo te fè tèt yo pase kòm sitwayen kanadyen; yo te ale nan Teheran e yo te jwenn mwayen fè yon demi-douzèn nan diplomat ameriken yo kite peyi a.

----------------------------------------------

Argo se pa sèl move sipriz pou Steven Spielberg. Kritik yo te prevwa misye ta pral ranpòte Pri Meyè Sineyas la; men pri sa a al jwenn pito Ang Lee pou yon film ki rele The Life of Pi. Pri Meyè Segon Wòl Feminen an al jwenn Ann Hathaway pou wòl li nan Les Misérables, tandiske aktè otrichyen Christoph Waltz ranpòte pri Meyè Segon Wòl maskilen an pou pèsonaj li jwe nan film Django Unchained.

Premyè Dam amerikèn nan, Michelle Obama, deklare: “Film ki jwenn nominasyon pou Pri Oscar yo ane sa a, se film ki fè nou ri; se film ki fè nou kriye.”
Animatè sware a sete Seth MacFarlane.
XS
SM
MD
LG