Accessibility links

Breaking News

4 Senatè Ameriken Boukle yon Vizit 2 Jou ann Ayiti


Yon delegasyon 4 senatè demokrat ameriken mete fen nan yon vizit 2 jou nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens jedi 21 fevriye 2013 la.

Delegasyon sa a ki te gen nan tèt li senatè Patrick Leahy , reprezant eta Vermont, te rankontre plizyè gwo responsab ayisyen; pami yo, prezidan Michel Martelly ak premye minis Laurent Lamothe.

Manm delegasyon senatè ameriken yo konstate efò rekonstriksyon Ayiti a, ki tanmen depi tranblemanntè 2010 la. Nan 3 zan, se 3zyèm vizit senatè Leahy fè ann Ayiti kote l al ekzaminen pwogrè pwosesis rekonstriksyon peyi a.

Klike sou ikon agoch la pou koute yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François Junior ki abòde tou kèk lòt pwen kap domine aktyalite a nan peyi Dayiti
XS
SM
MD
LG