Accessibility links

Breaking News

Etazini: Atak Pirat Lanse sou Entènèt la


Konpayi òdinatè ameriken « Apple » se dènye viktim an dat atak pirat (hacker) lanse sou entènèt la; e se pi gwo konpayi Lèzetazini ki sibi atak konsa. Yè madi 19 fevriye a, yon gwoup “veye yo” ki travay sou sekirite sou entènèt la e ki baze isit Ozetazini, te akize Lachin dèske li mele nan yon kanpay byen monte pou lanse atak sou entènèt la kont biznis ameriken, gouvènman Lèzetazini an avèk enfrastrikti ameriken ki gen anpil enpòtans.

Gwoup la -ki rele Mandiant- pibliye yon rapò 60 paj kote li bay detay sou dè douzèn atak yon gwoup militè chinwa ki trè save nan kesyon elektwonik e ki jwenn apui dirèk gouvènman chinwa a, ki lanse yon kanpay espyonaj sou entènèt la kont entètè Lèzetazini.

Daprè “Mandiant”, depi ane 2006 gwoup mlitè chinwa sa yo -- ke li deziye tou senpleman sou non abreje APT-1-- rive vòlè yon bann ak yon pakèt done nan men anviwon 150 òganizasyon—pi fò nan yo se òganizasyon ki Ozetazini. Direktè jeneral gwoup la, se Richard Bejt-litch.

Misye Betlich di: “Non jwèt la pou gwoup sa a, se “vòlè”, se pran sa k pa pou ou. Yo pa la pou detrui done, pou elimine enfòmasyon, ni pou defòme yo. Daprè sa nou konstate, yo la pou yo volè enfòmasyon epi ale avèk yo nan Lachin.”

Pòtpawol Ministè afè etranjè chinwa a, Hong Lei, demanti akizasyon gwoup Mandiant la pote yo. Misye fè konnen li pa pwofesyonèl pou moun pote akizasyon konsa san prèv ; epi dayè, daprè li toujou, se yon aksyon iresponsab.
XS
SM
MD
LG