Accessibility links

Breaking News

Etazini :Yon Gwoup Palmantè Vizite Kiba pou Mande Liberasyon yon Sitwayen Ameriken


Prezidan kiben an, Raul Castro rankontre avèk yon gwoup palmantè Etazini k ap fè demach pou jwen liberasyon yon sitwayen ameriken ki nan prizon nan la Havann depi ane 2009.

Daprè yon deklarasyon gouvènman kiben an fè parèt, mesye Castro ak delegasyon ameriken an ki gen nan tèt li senatè Patrick Leahy te diskite sou plizyè kesyon ki nan enterè 2 peyi yo. Minis afè etranjè kiben an, Bruno Rodriguez te nan rankont sa a tou.

Delegasyon Kongrè Etazini an vle pou otorite kiben yo lage Alan Gross ke yo te bay yon santans 15 zan prizon aprè yo te arete l poutèt li te genyen kèk ekipman kominikasyon. Msye Gross te nan Kiba kote li t ap travay kòm yon antreprenè pou yon pwogram depatman deta Lèzetazini.

Senatè Leahy te nan tèt yon delegasyon menm jan-an nan Kiba ane pase, kote li te rankontre ni ak msye Castro, ni ak msye Gross
XS
SM
MD
LG